YouVersion Logo
Search Icon

2 Pyè 1

1
Salitasyon
1Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras.
2M'ap #Jid 2 mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Senyè nou an, nou genyen.
Jan pou kretyen viv
3Pouvwa #1 Pyè 2.9 Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo. 4Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun. 5Se #Gal 5.6,22; Jid 3 poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans. 6Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. 7Apa #Gal 6.10 sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun. 8Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye. 9Men, #1 Jan 2.9,11 moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo.
10Se poutèt sa, frè m yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe. 11Konsa, #Jan 3.5; 10.7 l'a ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an.
12Se #Jid 5 poutèt sa, nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p'ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo. 13Wi, #2 Kor 5.1 toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou. 14Paske, #Jan 21.18,19 mwen konnen mwen pa lwen mouri. Se Senyè a menm ki fè m konn sa. 15Men, m'ap fè tout posib mwen pou nou pa janm bliye bagay sa yo lè m fin ale.
Pyè wè pouvwa Kris la ak je li
16Paske, lè m t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Senyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pat istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Senyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen. 17Mwen #Mat 17.5 te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m kontan anpil. 18Nou te tande vwa ki te sòti nan syèl la, lè nou te la ansanm avè l sou mòn kote Bondye te pale ak nou an.
19Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou, nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa jouk jou a parèt nèt, jouk zetwal bajou kase leve nan kè nou. 20Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pèsonn pa gendwa pran mesay pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. 21Paske, #2 Tim 3.16,17 pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.

Currently Selected:

2 Pyè 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy