YouVersion Logo
Search Icon

1 Pyè 5

5
Konsèy pou kretyen
1Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale #2 Jan 1; 3 Jan 1.1; Wòm 8.17; Rev 1.9 kounyeya ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la. 2Men #Jan 10.12; 21.16; File 14; Tit 1.11; Tra 20.28; 1 Tim 3.2-7 sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou. 3Pa #2 Kor 1.24; Tit 2.7; Fil 3.17; 1 Tes 1.7 fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo. 4Konsa, #1 Pyè 2.25; Eb 13.20; 1 Kor 9.25; 2 Tim 4.8 lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.
5Menm #Ef 5.21; Mat 23.12; Jan 13.4,14; Jak 4.6 jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske
Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy.
Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
6Se #Jòb 22.29; Jak 4.10 poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an. 7Lage #Sòm 55.22; Mat 6.25; Fil 4.6 tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
8Kenbe #1 Tes 5.6; Lik 18.3; Jak 4.7 tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore. 9Kanpe #Ef 6.11-13 fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l, paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou. 10Men, #1 Pyè 1.6; 1 Tes 2.12 apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini. 11Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.
Bonjou pou frè yo
12Se #Eb 13.22 avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m ka ankouraje nou, pou m fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.
13Legliz #Tra 12.12,25; 2 Tim 4.11 Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an. 14#1 Kor 16.20 pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè.
Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.

Currently Selected:

1 Pyè 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy