YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 3

3
Joram, wa peyi Izrayèl
1Lè sa a, wa Jozafa t'ap mache sou #2 Wa 1.17 dizwitan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida lè Joram, pitit Akab la, moute sou fòtèy wa peyi Izrayèl la. Li pase douzan ap gouvènen nan lavil Samari. 2Li #Egz 23.24; 1 Wa 16.31,32 fè sa ki mal nan je Senyè a, men pa tankou papa l ak manman l Jezabèl. Li wete gwo wòch papa l te mete kanpe pou sèvis Baal la. 3Men, #1 Wa 12.28; 14.16 li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pat sòti pou l te kite vye chemen sa a.
Elize anonse pèp Izrayèl ap bat Mowab
4Mesa, wa peyi Mowab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil (100.000) ti mouton ak sanmil (100.000) belye ak tout lenn yo sou yo. 5Men, #2 Wa 1.1 lè Akab, wa peyi Izrayèl la, mouri, wa peyi Mowab la revolte kont otorite wa peyi Izrayèl la. 6Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pèp Izrayèl la. 7Epi #1 Wa 22.4 li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a:
— Wa peyi Mowab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m pou nou atake moun Mowab yo?
Jozafa reponn:
— Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye! 8Ki wout n'ap pran pou n'al atake?
Joram reponn li:
— N'ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.
9Se #1 Wa 22.47 konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pat gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo. 10Joram, #Joz 7.7 wa peyi Izrayèl la, di:
— Woy! Nou fini! Senyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l lage nou nan men wa Mowab la.
11Jozafa #1 Wa 19.21; 22.7 mande:
— Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Senyè a pou nou?
Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di:
— Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.
12Jozafa di:
— Sèten l'ap gen kichòy pou l di nou nan non Senyè a!
Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y'al wè Elize. 13Elize #1 Wa 18.19 di wa Izrayèl la:
— Ki rapò m'gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn konsilte yo non!
Joram reponn:
— Non! Se Senyè a ki voye chache nou pou li lage tout twa wa sa yo nan men wa peyi Mowab la.
14Elize #1 Wa 17.1 reponn:
— Mwen pran Senyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pat gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m pa ta menm gade ou, m pa ta okipe ou. 15Kounyeya, al #1 Sam 10.5; 1 Wa 18.46; Eze 8.1; 37.1; 40.1 chache yon mizisyen pou mwen.
Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Senyè a desann sou Elize. 16Elize di:
— Men sa Senyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a. 17Paske, men sa li di ankò: Nou p'ap wè van, nou p'ap wè lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n'a jwenn kont dlo pou nou bwè ansanm ak bèf, kabrit nou yo ak bèt chay nou yo. 18Men tou sa pa anyen bò kote sa Senyè a ka fè. Li pral lage moun peyi Mowab yo nan men nou. 19Nou #Det 20.19 pral pran tout bèl lavil ak ranpa yo, nou pral koupe tout bèl pyebwa yo, nou pral bouche tout sous dlo yo. Nou pral gate tout pi bèl jaden yo, nou pral kouvri yo ak wòch.
20Nan #Egz 29.39 denmen maten, lè lè pou yo fè ofrann lan rive, yon dlo sòti nan direksyon Edon, li kouvri tout tè a. 21Lè moun Mowab yo pran nouvèl twa wa yo te moute vin atake yo, tout gason ki te gen laj pou pote zam, gran kou piti, yo sanble, y'al mase kò yo sou fontyè a. 22Nan denmen maten, lè yo leve, limyè solèy la t'ap bat sou dlo a. Li bay dlo a yon koulè wouj, moun Mowab yo te kwè se san. 23Yo di:
— Gade san! Lame wa yo genlè goumen yonn ak lòt, yonn touye lòt. Ann al piye kan yo!
24Men lè moun Mowab yo rive nan kan moun Izrayèl yo, moun Izrayèl yo tonbe sou yo, yo koumanse bat yo. Moun Mowab yo pran kouri. Moun Izrayèl yo antre dèyè yo nan peyi Mowab, yo touye tout moun Mowab ki tonbe anba men yo. 25Yo detwi lavil yo. Chak fwa yo rive bò yon bèl jaden, chak moun pran wòch, yo voye ladan l jouk jaden an kouvri nèt ak wòch. Yo bouche tout sous dlo yo, yo koupe tout bèl pyebwa yo. Sèl kote ki te rete kanpe se te lavil Kiraresèt, kapital la. Sòlda yo sènen l, yo atake l ak kout wòch. 26Lè wa peyi Mowab la wè li t'ap pèdi batay la, li pran sètsan (700) sòlda avè l. Avèk nepe yo, yo chache mwayen pou yo pase nan mitan sòlda Izrayèl yo al fè wout yo nan direksyon peyi Edon, men yo pat kapab. 27#Jen 22.2; Mi 6.7 sa a, wa peyi Mowab la pran premye pitit gason l lan, sa ki te pou pran plas li sou fòtèy la, li ofri l bay bondye peyi Mowab la, li touye l sou tèt miray lavil la. Lè moun Izrayèl yo wè sa, yo pè pou malè pa rive yo. Yo rale kò yo dèyè, yo tounen nan peyi yo.

Currently Selected:

2 Wa 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in