YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 21

21
Manase, wa peyi Jida
(2 Kwonik 33.1-20)
1Manase te gen douzan lè li moute #2 Kwo 33.1-9 wa #Mat 1.10 peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. Manman l te rele Efziba. 2Li #2 Wa 16.3 fè sa ki mal devan Senyè a, dapre vye prensip kriminèl lòt nasyon Senyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. 3Li #Det 4.19; 16.21; 1 Wa 16.32,33; 2 Wa 18.4; 23.5 rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l, te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo. 4Li #Det 12.11; 1 Wa 8.29; 2 Wa 23.27; Jer 7.30 menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Senyè a, kote Senyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm. 5Li #1 Wa 6.36; 7.12; 2 Wa 23.12 fè bati lotèl nan de lakou Tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la.
6Li #Lev 18.21; 19.26,31; 2 Wa 16.3; 17.17; 23.24 bay pitit gason l pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l nan li nyaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Senyè a pou l te fè l move jouk li pa kapab ankò. 7Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l nan Tanp lan, atout Senyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen. 8Si #2 Sam 7.10 moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te bay zansèt yo a.
9Men moun peyi Jida yo pa koute Senyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Senyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. 10Lè sa a, Senyè a voye sèvitè l yo, pwofèt yo, pou di yo:
11— Wa #1 Wa 21.26; 2 Wa 23.26; 24.3,4; Jer 15.4 Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal. 12Se #Jer 19.3 poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Mwen pral voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida a. Lè moun va pran nouvèl la, y'ap rete gaga. 13M'ap #Eza 24.1; 34.11; Lam 2.8; Am 7.7,8 pini lavil Jerizalèm menm jan mwen te pini lavil Samari ak fanmi wa Akaz la. Mwen pral netwaye lavil Jerizalèm tankou yo netwaye yon asyèt lèfini yo vire l bouch anba. 14M'ap #Jer 12.7 vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo. 15M'ap fè pèp mwen an sa paske yo fè sa ki mal devan m, yo fè m fache anpil depi jou zansèt yo te sòti kite peyi Lejip jouk jounen jòdi a. 16Manase #2 Wa 24.4 pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pat dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Senyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.
17Tout #2 Kwo 33.11-19 rès istwa Manase a, tou sa li te fè ak tout move zak li te fè yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 18#2 Kwo 33.20-25 Manase #2 Wa 21.26; Mat 1.10 mouri, yo antere l nan jaden palè a, jaden Ouza a. Se Amon, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.
Amon, wa peyi Jida
(2 Kwonik 33.21-25)
19Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan dezan. Manman l te rele Mechoulemèt. Se te pitit fi Awouz, yon moun lavil Jotba. 20Tankou Manase, papa l, li fè sa ki mal devan Senyè a. 21Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l te sèvi yo, li adore yo. 22Li #2 Wa 22.17 vire do bay Senyè a, Bondye zansèt li yo, li pa mache jan Senyè a vle l la.
23Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l anndan palè a. 24Moun #2 Wa 14.21; 23.30 pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l lan, wa nan plas li.
25Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 26#Mat 1.10 Amon mouri, yo antere l nan kavo fanmi an, nan jaden Ouza a. Lèfini, se Jozyas, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.

Currently Selected:

2 Wa 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in