YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 4

4
Mèb pou Tanp lan
(1 Wa 7.23-51)
1Salomon fè fè tou yon lotèl kwiv kare #2 Wa 16.14; 2 Kwo 7.7; 8.12; 15.8; Eze 43.13-17 kare, ki te mezire trant pye lajè sou trant pye longè ak kenz pye wotè. 2Li #1 Wa 7.23-26 ffè fè ankò yon gwo basin kwiv tou won pou mete dlo. Basin lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Lè ou mezire wonn li, li ba ou karannsis pye. 3Sou tout wonn basin lan sou anwo, te gen de ranje pòtre ki sanble pòtre bèf. Yo te fèt ak kwiv, yon ti jan anba rebò a. Te gen dis pòtre pou chak pye edmi. Yo te fè yon sèl kò ak basin lan. Yo te koule yo ansanm. 4Basin nan te chita sou do douz towo bèf fèt ak kwiv. Fas yo bay sou deyò, twa sou solèy leve, twa sou solèy kouche, twa sou bò nò, twa sou bò sid. Basin lan menm te chita sou dèyè yo ki te bay sou anndan. 5Rebò basin lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas. Li te fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè ki louvri. Basin lan te ka kenbe kenzmil (15.000) galon dlo konsa.
6Li #1 Wa 7.38,39 fè fè dis basin kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basin nan pou fè twalèt yo.
7Salomon #Egz 25.31-39; 1 Wa 7.49; 2 Kwo 4.20 fè fè dis gwo lanp lò sèt branch, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk bò dwat. 8Li #1 Wa 7.48; 2 Kwo 4.19 fè fè dis tab pou mete nan Tanp lan tou, senk sou bò gòch, senk sou bòdwat. Li fè fè san bòl lò.
9Li #1 Wa 6.36; 7.12; 2 Kwo 6.13 fè yo bati lakou anndan an pou prèt yo ak gwo lakou a ak tout pòtay li yo. Tout pòtay yo te kouvri ak kwiv. 10Li #1 Wa 7.39 fè mete gwo basin lan menm sou bò dwat Tanp lan, nan kwen sidès la.
11Iram #1 Wa 7.40-50 te #1 Wa 7.13,14 fè plato pou sann dife, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l fè pou Tanp Senyè a. 12Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk won yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo, ak desen ti chenn mare yonn ak lòt ki te kouvri de blòk tèt poto yo, 13katsan #1 Wa 7.20 (400) pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ki kouvri blòk won ki sou tèt poto yo, 14dis #1 Wa 7.38,39 kabwa yo, dis basin ki pou ale sou kabwa yo, 15yon gwo basin tou won pou mete dlo, douz towo pou soutni basin lan, 16plato #1 Kwo 28.17 pou sann yo, pèl yo ak fouchèt yo.
Bòs Iram te fè tout bagay sa yo ak kwiv poli pou Tanp Senyè a, dapre lòd li te resevwa nan men Salomon. 17Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan. #4.17: Zaretan: Dapre sa nou jwenn nan yon ansyen vèsyon grèk ak nan 1 Wa 7.46. Men tèks ebre a bay Seredata. 18Te sitèlman gen anpil bagay fèt ak kwiv, Salomon pa te chache konn pèz yo.
19Salomon #2 Kwo 4.8 fè fè tout mèb an lò yo te bezwen pou Tanp lan: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye yo, 20gwo #2 Kwo 4.7 lanp sèt branch yo ak tèt lanp fèt ak bon lò yo ki fèt pou limen devan pyès yo mete apa nèt pou Senyè a, jan pou yo fè l la, 21flè yo, lanp yo ak pensèt pou gwo lanp sèt branch yo, 22kouto yo, gode yo, bòl yo, recho pou pote chabon tou limen yo. Tout bagay sa yo te fèt ak bon jan lò. Batan pòt ki bay sou deyò Tanp lan ak batan pòt ki bay sou pyès ki apa nèt pou Senyè a te kouvri nèt ak lò tou.

Currently Selected:

2 Kwonik 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in