YouVersion Logo
Search Icon

2 Kwonik 3

3
Salomon bati Tanp lan
(1 Wa 6.1-38)
1Salomon tanmen bati Tanp Senyè a #1 Wa 6.1 lavil #Jen 22.2,14; 1 Kwo 21.15,18,28 Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Senyè a te parèt devan David, papa l, sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l la. 2Lè sa a, Salomon te gen twazan yon mwa de jou depi li te wa. 3Salomon #1 Wa 6.2,3 te bati Tanp lan sou yon fondasyon ki te gen katrevendis pye longè sou trant pye lajè. 4Gwo pyès ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajè menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven (180) pye wotè. Salomon te fè kouvri tout miray anndan pyès la ak bon lò. 5Li #1 Wa 6.17,29,32 plake planch bwapen sou tout anndan gwo pyès la. Li kouvri tout bwa yo nèt ak bon lò. Lèfini, li fè yo mete pòtre pye palmis ak ti chenn. 6Li dekore l ak bèl pyè koute chè. Yo te sèvi ak bon kalite lò ki sòti peyi Pavayim. 7Li kouvri tout anndan Tanp lan ak lò: travès yo, ankadreman pòt yo, palisad yo ak pòt yo menm. Sou tout palisad yo, li fè mete pòtre zanj cheriben. 8Yo #1 Wa 6.16 bati tou pyès ki apa nèt pou Senyè a. Li te gen trant pye lajè, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longè, kare kare. Yo sèvi ak venmil (20.000) kilo lò pou kouvri tout anndan l. 9Klou yo te sèvi yo te fèt ak lò tou. Chak klou te peze senksan gram. Yo kouvri tout miray anndan pyès anwo yo tou ak lò. 10Nan #1 Wa 6.23-28 pyès ki apa nèt pou Senyè a, li fè fè de estati zanj cheriben. Li fè kouvri yo ak lò nèt. 11-13Yo te mete zanj yo kanpe yonn bò kote lòt, ak figi yo bay sou pòt antre pyès la. Yo chak te gen de zèl. Chak zèl te gen sèt pye edmi longè. Zèl yo te louvri. Pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. Konsa, longè tout zèl yo ansanm te bay trant pye. 14Li #Egz 26.31; Mat 27.51; Eb 9.3 fè yo fè yon rido pou pyès ki apa nèt pou Senyè a ak twal ble, twal wouj, twal vyolèt. Li fè bwode pòtre zanj cheriben sou rido a tou.
De gwo poto kwiv yo
(1 Wa 7.15-22)
15Salomon #1 Wa 7.15-20; 2 Wa 25.17 fè fè de gwo poto won. Yo chak te gen senkannde pye wotè. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. Tèt poto yo te mezire sèt pye edmi wotè. 16Li fè ti chenn mare yonn ak lòt, li mete yo fè wonn anwo tèt poto yo ansanm ak pòtre grenad li mare nan ti chenn yo. 17Li #1 Wa 7.21 mete poto yo devan Tanp lan, yonn chak bò pòtay la. Yo rele sa ki adwat la Fèmte-Bondye, #3.17: a) Jakin: Nan lang ebre a non sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di Se Bondye ki kenbe nou fèm. epi sa ki agoch la Fòs-Bondye. #3.17: b) Boaz: Nan lang ebre a non sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di Se Bondye ki tout fòs nou.

Currently Selected:

2 Kwonik 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in