YouVersion Logo
Search Icon

1 Timote 6

6
1Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou #Ef 6.5; Tit 2.9,10 gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pèsonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal. 2Si #File 16 yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l manke l respè sou pretèks se yon frè nan lafwa li ye. Okontrè, se lè sa a pou l sèvi l pi byen, paske moun l'ap rann sèvis la se yon moun ki kwè, se yon moun li renmen.
Sèvis Bondye se yon richès
Men sa ou gen pou moutre moun yo. Men sa pou ou preche yo. 3Si #Gal 1.6-9; 2 Tim 1.13 yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki sòti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an, 4se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen. 5Sa #2 Tim 3.8; 4.4; Tit 1.14 lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan.
6Nan #1 Tim 4.8; Eb 13.5; Fil 4.11,12 yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l kontan ak sa li genyen an. 7Nou #Ekl 5.15; Jòb 1.21 pa te pote anyen lè nou t'ap vin sou latè. Konsa tou, nou p'ap pote anyen lè n'ap kite tè a. 8Se #Pwo 30.8 sa ki fè, si nou gen dekwa manje, dekwa biye, sa sifi. 9Men, #Pwo 23.4; 28.22 moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo. 10Paske, #Ef 5.5 renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
Kèk konsèy pou Timote
11Men #2 Tim 2.22 ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè. 12Mennen #1 Kor 9.25,26; 2 Tim 4.7 batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa. 13Devan #Jan 18.36,37; 19.11 Bondye ki bay tout bagay lavi, devan Jezikri ki te fè yon bèl deklarasyon devan Pons Pilat pou fè wè jan li gen lafwa, men sa m'ap mande ou: 14Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt. 15#1 Tim 1.11; Rev 17.14; Det 10.17 lè a va rive, Bondye va fè nou wè l. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf. 16Se #Egz 33.20 sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pèsonn pa ka pwoche. Pèsonn pa janm wè l, pèsonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
17Mande #Sòm 62.10; Lik 12.20; Wòm 12.16 moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. 18Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. 19Konsa, #Mat 6.20 y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
20Timote #1 Tim 4.7; 2 Tim 1.14 monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans. 21Gen #1 Tim 1.6; 2 Tim 2.18 moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a.
Benediksyon Bondye pou ou.

Currently Selected:

1 Timote 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy