YouVersion Logo
Search Icon

1 Timote 5

5
Jan pou Timote aji ak moun legliz yo
1Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. #Lev 19.32 Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jennjan yo tankou si yo te frè ou; 2ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou. Ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide.
3Pran swen vèv ki vèv tout bon yo. 4Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi. 5Yon #Jer 49.11; Lik 2.37; 18.7 fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pèsonn pou okipe l, li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l konkou lajounen kou lannwit. 6Men, yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l vivan toujou. 7Men sa pou ou moutre yo, pou pèsonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo. 8Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
9Pa mete okenn vèv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l te marye yon sèl fwa. 10Se #Eb 13.2; Jan 13.14 pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l konn resevwa moun byen lakay li, si l konn lave pye moun pèp Bondye a, si l ede malere yo, si l fè tout lòt kalite byen.
11Men, pa mete okenn vèv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lè anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la. 12Lè konsa yo vin antò, paske yo pa kenbe premye pwomès yo te fè l la. 13Apre #2 Tes 3.11 sa, yo pran abitid pèdi tan yo ap mache pòt an pòt. Sa ki pi rèd ankò, yo vin tripòt, fouyapòt. Y'ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo. 14Se #1 Kor 7.9 poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal. 15Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan. 16Si yon fanm kretyen gen vèv nan fanmi li, se pou li ede yo pou yo pa soukont legliz, pou legliz la ka ede vèv ki nan nesesite tout bon yo.
17Kanta #Wòm 12.8; Fil 2.29 chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo. 18Se #Det 25.4; 24.15; 1 Kor 9.9; Lik 10.7 sa ki ekri nan Liv la: Kote bèt la mare a, se la pou li manje. Ou ankò: Ouvriye merite salè li. 19Pa #Det 19.15; Mat 18.16; 2 Kor 13.1 kite pèsonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esèpte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li. 20Se #Gal 2.14 pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.
21Devan #Lik 9.26 Bondye, devan Jezikri ak devan tout zanj li chwazi yo, men sa m'ap mande ou angras: Swiv lòd sa yo san patipri, ni nan mounpa. 22Pa #1 Tim 4.14 prese mete men sou tèt yon moun pou ba l yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.
23Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon.
24Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gentan wè tout peche yo aklè konsa. Gen lòt menm, se lontan apre ou wè sa yo fè ki mal. 25Konsa tou, tout byen yon moun fè gen pou parèt aklè, menm sa ou pa wè lapoula. Yo pa ka rete kache.

Currently Selected:

1 Timote 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy