YouVersion Logo
Search Icon

1 Tesalonisyen 2

2
Travay Pòl nan lavil Tesalonik
1Nou menm frè m yo, nou konn sa byen: vizit #1 Tes 1.5,9; 2 Tes 3.7 mwen te fè lakay nou an te bay bon rezilta. 2Mwen #Tra 16.20-24; 17.1-5 te fenk sòti lavil Filip kote yo te maltrete m anpil, kote yo te joure m lan. Men, Bondye ban m fòs ak kouray pou m te ka anonse nou bòn nouvèl ki sòti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn. 3Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen okenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pèsonn. 4Okontrè, #Jer 11.20; Gal 1.10; 1 Tim 1.11 mwen te toujou pale jan Bondye vle l la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m konfyans, li ban mwen bòn nouvèl li a pou m anonse. Se sa k fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. 5Nou #Tra 20.33; Mak 12.40; 2 Pyè 2.3 menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran okenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. 6Mwen #Jan 5.41,44 pa chache lwanj nan men pèsonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun. 7Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apot li. Non, okontrè. Pandan tout tan mwen te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou manman k'ap pran swen pitit li. 8Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bòn nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m renmen nou! 9Nou #1 Kor 4.12; Tra 20.34 chonje, frè m yo, jan m te travay, jan m te fatige kò m ap travay lajounen kou lannwit pou m pat sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bòn nouvèl Bondye a.
10Mwen pran nou sèvi m temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch. 11Nou #Tra 20.31 konnen kijan mwen te aji ak nou chak, tankou papa ak pitit. 12Mwen #Ef 4.1; Fil 1.27; 2 Tes 1.5; 1 Pyè 5.10 te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pat janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l ak nan bèl pouvwa li.
13Se #1 Tes 1.2; Gal 1.1; 2 Tes 2.13 konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye. 14Frè m yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo. 15Se #Tra 2.23; 7.52 jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Senyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m ansanm ak zanmi m yo. Yo pa sòti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun. 16Y'ap #Jen 15.16; Mat 23.32,33 fè sa yo kapab pou anpeche m pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou konn fè a. Men, kounyeya kòlè Bondye tonbe sou yo.
Pòl ta renmen wè kretyen Tesalonik yo ankò
17Pou #Wòm 1.11,13 mwen menm, frè m yo, pa gen lontan depi m kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò. 18Mwen pa konnen sa m ta fè pou m tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen. 19Se #Fil 2.16; 4.1; 2 Tes 1.4 nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m kontan. Se nou menm k'ap ban m okazyon pou m vante tèt mwen devan Jezi, Senyè nou an, lè l'a vini. 20Se nou menm ki ban m satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m kontan.

Currently Selected:

1 Tesalonisyen 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in