YouVersion Logo
Search Icon

1 Tesalonisyen 1

1
Salitasyon
1Nou menm, Pòl, Silven ak Timote, #Tra 15.40; 17.1; 2 Tes 1.1 nou voye lèt sa a bay moun legliz Tesalonik yo k'ap viv nan Bondye, Papa a, ak nan Mèt nou, Jezikri. Benediksyon ak kè poze pou nou.
Moun Tesalonik yo ap viv ak anpil konfyans nan Bondye
2Se #2 Tes 1.11 tout tan n'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Nou pa janm bliye nou lè n'ap lapriyè. 3Devan #1 Kor 13.13; Kol 1.4,5 Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Senyè nou an. 4Mwen konnen, frè m yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n ka viv pou li. 5Se #1 Kor 2.5 pat avèk pawòl ase mwen te anonse nou bòn nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l pou byen nou. 6Nou #1 Kor 4.16; Tra 13.52; 2 Tes 3.9 te swiv egzanp mwen ak egzanp Senyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri. 7Se #1 Tes 4.10; Fil 3.7; 1 Pyè 5.3 konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwàn ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye. 8Konsa, #Wòm 1.8 nou fè anpil moun rive konnen mesay Senyè a. Se pa sèlman nan Masedwàn ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò. 9Okontrè, #Tra 14.15; Jan 17.3; 1 Kor 12.2 yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m lè m te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. 10Y'ap #1 Tes 5.9; Tit 2.13; Tra 17.31 di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan sòti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.

Currently Selected:

1 Tesalonisyen 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy