YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 8

8
Pèp la mande yon wa
1Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l yo pou gouvènen pèp Izrayèl la. 2Pi gran an te rele Jowèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t'ap gouvènen. 3Men #Egz 18.21; 23.8; Det 16.19; 1 Sam 2.12; Sòm 15.5 yo pat swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri.
4Lè sa a, tout chèf fanmi ki te reskonsab pèp Izrayèl la sanble, y'al jwenn Samyèl lavil Rama. 5Epi #Det 17.14; 1 Sam 8.19,20; Oze 13.10; Tra 13.21 yo di l:
— Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Kounyeya, chwazi yon wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo.
6Pawòl sa yo pat fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Senyè a. 7Senyè a #Egz 16.8; 1 Sam 10.19 di Samyèl ankò:
— Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m pou wa yo ankò. 8Depi #Jij 2.12; 10.13 lè mwen te fè yo sòti kite peyi Lejip la, se sa ase y'ap fè m. Y'ap vire do ban mwen, y'ap sèvi lòt bondye. Se menm bagay la y'ap fè ou jòdi a tou. 9Se #1 Sam 10.25 poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo.
10Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Senyè a te di l. 11Li #Det 17.16; 1 Sam 14.52; 1 Wa 1.5 di yo:
— Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li. 12L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (1.000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l yo. 13L'ap pran pitit fi nou yo pou fè odè, pou fè manje ak pou fè pen pou li. 14L'ap #1 Wa 21.7; Eze 46.18 pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l yo. 15L'ap pran yon dizyèm sou tout rekòt danre nou yo ak sou tout rekòt pye rezen nou yo pou l bay moun konfyans li yo ak lòt moun k'ap sèvi anndan lakay li. 16L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sèvant nou yo, pi bon bèf nou yo #8.16: pi bon bèf nou yo: Se konsa yo bay li nan yon ansyen vèsyon grèk, men tèks ebre a bay pi bon jenn gason nou yo. ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li. 17L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li. 18Jou #Pwo 1.28; Eza 1.15; Am 8.12; Mi 3.4 sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n ava chwazi a. Men lè sa a, Senyè a p'ap okipe nou.
19Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di:
— Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou, 20pou #1 Sam 8.5 nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou.
21Samyèl tande tou sa pèp la t'ap di. Lale rapòte yo bay Senyè a. 22#1 Sam 8.7; Oze 13.11 sa a, Senyè a reponn li:
— Ou mèt fè sa yo di a. Ba yo yon wa pou gouvènen yo.
Epi Samyèl di moun pèp Izrayèl yo:
— Tout moun mèt tounen lakay yo.

Currently Selected:

1 Samyèl 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in