YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 31

31
Lanmò Sayil ak pitit gason l yo
(1 Kwonik 10.1-12)
1Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak #1 Kwo 10.1-12 moun #1 Sam 28.4; 2 Sam 1.6,21; 21.12 pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò. 2Moun #1 Sam 14.49; 28.19; 1 Kwo 8.33 Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt. 3Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble. 4Li #Jij 9.54; 14.3; 1 Sam 26.11; 2 Sam 1.10,14,20; 1 Wa 16.18; Jer 38.19 rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l konsa:
— Rale nepe ou, touye m pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gentan rive sou mwen pou se yo ki touye m, lèfini pou yo pase m nan betiz.
Men gad kò a pat vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l tèt anba, li lage kò l sou li. 5Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil. 6Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri. 7Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo.
8Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l yo kouche atè sou mòn Gilboa a. 9Yo #Jij 16.23,24; 1 Sam 17.51; 2 Sam 1.20 koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bòn nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la. 10Yo #1 Sam 5.2 mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l sou miray lavil Bèt-Chean an.
11#1 Sam 11.1-11; 2 Sam 21.12 moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil, 12tout #2 Sam 2.4-7; Am 6.10 mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt-Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo. 13Lèfini, #2 Sam 21.14 yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.

Currently Selected:

1 Samyèl 31: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in