YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 30

30
David al goumen ak moun Amalèk
1De jou apre, David rive lavil Ziklag #1 Sam 27.6,8; 29.4,11 ansanm ak mesye l yo. Moun Amalèk yo te gentan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt. 2Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pat touye pèsonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo. 3Lè David rive ak mesye l yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pat la. Moun yo te pati ak yo tout. 4David ak mesye l yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò. 5Moun #1 Sam 25.42,43; 2 Sam 2.2 yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madanm defen Nabal, moun lavil Kamèl.
6David #Egz 17.4; Nonb 14.10; 1 Sam 23.16; Jan 8.59 te nan gwo tèt chaje paske mesye l yo te fache anpil dèske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Senyè a, Bondye li a, te ba l kont kouray. 7David #1 Sam 23.6,9 rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l konsa:
— Pote jile Bondye a isit ban mwen!
Abyata pote jile Bondye a bay David. 8David #1 Sam 23.2,4 pale ak Senyè a, li di li:
— Eske se pou m ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapousib yo?
Senyè a di li:
— Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapousib yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.
9Se #1 Sam 23.13 konsa David pati avèk sisan (600) mesye ki te avè l yo. Lè yo rive nan ravin Bezò a, gen kèk nan mesye yo ki rete la. 10David menm kontinye sou wout li avèk katsan (400) moun. Lòt desan (200) yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pat gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a. 11Mesye ki te ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè. 12Yo #Jij 15.19 ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch. Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pat manje anyen, ni li pat janm bwè dlo. 13David mande l:
— Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye?
Li reponn:
— Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m dèyè, paske mwen te malad. 14Nou #1 Sam 25.3; 27.10; 30.1; Eze 25.16; Sof 2.5 te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag.
15David mande l:
— Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a?
Li reponn li:
— Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m, ni ou p'ap lage m nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a.
16Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo. 17Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pèsonn pat chape, an wetan katsan (400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gentan kouri ale. 18David #1 Sam 30.8 sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou. 19David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pat manke anyen. 20Lèfini, li pran tout bann mouton ak bèf yo tou. Mesye yo t'ap pouse bèt yo devan, yo t'ap di:
— Men, tou sa David pran pou li nan batay la.
21David #1 Sam 30.10 t'ap tounen, li rive bò desan (200) mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou. 22Men, #1 Sam 25.17 pami mesye ki te ale avèk David yo, te gen kèk malveyan ak voryen ki t'ap di:
— Mesye sa yo pat ale avèk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmèt yo madanm yo ak pitit yo pou y'al fè wout yo.
23Men David di yo konsa:
— Frè m yo, nou pa ka fè sa ak sa Senyè a ban nou! Li pa kite anyen rive nou, li lage bann moun ki te vin piye nou yo nan men nou. 24Pèsonn #Nonb 31.27; Joz 22.8 pa ka dakò ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dèyè nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen.
25Se konsa depi jou sa a, David fè prensip sa a tounen yon lwa. Jouk jòdi a y'ap swiv menm prensip sa a toujou nan peyi Izrayèl.
26#Jij 5.31; 1 Sam 25.27 David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lènmi yo, li voye bay zanmi l yo ki te chèf nan peyi Jida a, li di yo konsa:
— Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lènmi Senyè yo.
27Li voye bay moun lavil Betèl, bay moun lavil Rama nan zòn Negèv la, bay moun lavil Yati, 28bay #Det 2.36 moun lavil Awoyè, bay moun lavil Sifmòt ak moun lavil Echtemoa, 29bay #1 Sam 27.10 moun lavil Rakal ak moun ki rete nan lavil branch fanmi Jerakmeyèl yo ak nan lavil moun Kayen yo, 30bay #Nonb 21.3; Jij 1.17 moun lavil Oma, moun lavil Borachan ak moun lavil Atak, 31bay #Joz 14.13-15; Jij 1.10; 2 Sam 2.1-4 moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l yo te pase.

Currently Selected:

1 Samyèl 30: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in