YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 18

18
David mare zanmi ak Jonatan
1Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, #1 Sam 19.2; 20.17; 23.16-18; 2 Sam 1.26 pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l tankou li renmen tèt pa li. 2Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l tounen lakay papa l ankò. 3Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l tankou li te renmen tèt pa li. 4Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l. 5Chak fwa Sayil te voye David nan misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute li grad, li fè li chèf nan lame a. Sa te fè moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.
Sayil ap fè jalouzi
6Sòlda #Egz 15.20; Jij 11.34 yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam sòti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ogan, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan. 7Medam #Egz 15.21; 1 Sam 21.11; 29.5 yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di:
— Sayil desann mil.
David desann dimil.
8Sayil #1 Sam 15.28 pat renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di:
— Anhan! Yo di David touye dimil (10.000), mwen menm, yo di m touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l wa!
9Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je. 10Nan #Jij 9.23; 1 Sam 16.14,16,23 denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Mesye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l. 11Sayil #1 Sam 19.10; 20.33 di nan kè l: Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.
12Sayil #1 Sam 16.14,18; 18.28,29; 28.15 te pè David anpil, paske Senyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye kounyeya. 13Se #2 Sam 5.2 konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l anba je l. Li mete l chèf sou mil sòlda. David pat chita menm, tout tan li te nan goumen. 14Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Senyè a te kanpe avèk li. 15Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l pase, li vin pè l pi rèd. 16Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.
David marye ak pitit fi Sayil
17Yon #1 Sam 14.49; 17.25; 25.28 lè Sayil di David konsa:
— Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l pou madanm. Sèl bagay se pou fè m wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Senyè a va voye ou al goumen pou li!
Sayil t'ap di nan kè l: Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l mwen menm. 18David #2 Sam 7.18 di Sayil:
— Kisa m ye? Kisa m'ap fè pou m viv? Kisa fanmi papa m ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m marye ak pitit fi wa a?
19Men, #2 Sam 21.8 lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola.
20Men, #1 Sam 14.49 Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y'al di Sayil sa, bagay la te fè l plezi. 21Sayil #Egz 23.33 t'ap di nan kè l: M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l:
— Monchè, ou pral vin bofi mwen.
22Li pale ak moun pa li yo, li ba yo lòd al jwenn David apa pou di li: Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa li yo renmen ou. Se yon bon lè pou ou marye ak pitit fi wa a.
23Se #1 Sam 18.18 konsa y'al di David sa. David reponn yo:
— Eske ou kwè se fasil pou moun marye ak pitit fi wa? Men se yon bagay ki twòp pou pye pòv malere tankou mwen.
24Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a. 25Epi #Jen 34.12; Egz 22.17; 1 Sam 18.17 Sayil di yo:
— Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l okenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, la tire revanj sou lènmi li yo.
Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo. 26Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la, 27David #1 Sam 25.44; 2 Sam 3.14 leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l te ka tounen bòfi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David.
28#1 Sam 18.12,20 Sayil vin konprann non sèlman Senyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou, 29Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.
30Lame #1 Sam 18.5; 19.8 moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l anpil.

Currently Selected:

1 Samyèl 18: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy