YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 17

17
Golyat mande yon sòlda kare ak li
1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y'al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka. 2Sayil #1 Sam 17.19; 21.9 vini ansanm ak moun Izrayèl yo, yo pran pozisyon nan fon Bwadchenn lan, epi yo ranje kò yo anfas moun Filisti yo pou y'al goumen ak yo. 3Moun Filisti yo te sou yon ti mòn yon bò, moun pèp Izrayèl yo te sou yon lòt ti mòn anfas. Fon an te nan mitan de lame yo.
4Yon #Joz 11.22; 2 Sam 21.19 bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, sòti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè faskare ak li. Li te gen nèf pye wotè. 5Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti. 6Li te gen janbyè fèt an fè nan janm li, ak yon ti frenn fèt an asye pandye sou zepòl li. 7Bwa gwo frenn ki te nan men l lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze ven liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l avèk plak pwotèj li a. 8Golyat kanpe, epi li rele moun pèp Izrayèl yo, li di yo konsa:
— Se goumen nou vin goumen? Poukisa atò? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l vin kare avè m. 9Si l #1 Sam 11.1 rive bat mwen pou l touye m, moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayèl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m touye l, se nou menm moun Izrayèl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sèvi yo.
10Li #2 Sam 21.21 di yo ankò:
— Jòdi a mwen mete tout moun Izrayèl yo an defi. M pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avè m.
11Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble.
Izayi voye David nan kan Izrayèl
12David #Rit 1.2; 4.22; 1 Sam 16.10,11; 1 Kwo 2.13-15; Mi 5.2 te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou reny wa Sayil, li te deja fin granmoun. #17.12: li te deja fin granmoun: Tèks ebre a pa klè. Dapre ansyen vèsyon grèk la se sa li ta vle di. 13Twa #1 Sam 16.6,8,9 premye pitit gason l yo te pati al nan lagè ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyèm lan te rele Abinadab, twazyèm lan te rele Chama. 14David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil. 15Tanzantan David te konn sòti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l'al okipe mouton papa l yo. 16Chak maten, chak aswè, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay.
17Yon jou, Izayi di David konsa:
— Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an. 18Pran #Jen 37.14; 1 Sam 16.20 dis fwonmaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m sèten ou wè yo an sante. 19Wa Sayil, frè ou yo ansanm ak tout lòt mesye Izrayèl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo.
20Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fenk sòti pou y'al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo. 21Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayèl yo vin kanpe yonn anfas lòt pou batay la. 22David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la ta pral mare a, l'al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo. 23Li #1 Sam 17.4,8 t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, sòti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l te konn fè l anvan an. David tande sa Golyat t'ap di. 24Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè. 25Yonn #Joz 15.16; 1 Sam 18.17 t'ap di lòt:
— Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou andefi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye li ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi li dwa pou yo pa janm bezwen peye okenn taks nan peyi Izrayèl.
26David #Det 5.26; Joz 3.10; Jij 14.3; 1 Sam 11.2; 17.10,36,45; 2 Wa 19.4; Sòm 84.2; Jer 10.10; Oze 1.10 mande moun ki te kanpe bò kote l yo:
— Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Senyè a, ye menm pou l mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l la?
27Mesye yo di l tou sa y'a fè pou moun ki va touye Golyat la. 28Eliyab, pi gran frè la, te tande li ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di li konsa:
— Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen ou se yon ti brigan, yon ti fouyapòt! Sou plan ou ye, batay la ou vin gade.
29David reponn li:
— Kisa m fè, mezanmi! Yon senp ti kèsyon m'ap mande moun yo la a wi!
30Li vire bò yon lòt moun, li mande l menm kèsyon an. Chak fwa, moun yo fè l menm repons la.
31Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l. 32David #Det 20.3; 1 Sam 16.18 di Sayil:
— Monwa, pèsonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l.
33Sayil di David konsa:
— Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l jenn gason.
34David di Sayil:
— Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo, 35mwen #Jij 14.5,6; Eb 11.33 kouri dèyè l, m atake l, mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l vire sou mwen, mwen pran l nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l. 36Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Senyè a. M'ap touye l paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l.
37David #1 Sam 20.13; Pwo 28.1; 2 Tim 4.17 di ankò:
— Senyè a te delivre m anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m tou anba men sòlda Filisti sa a.
Sayil di David:
— Bon, ale non! Mwen mande Senyè a pou l avèk ou!
38Sayil pran pwòp rad lagè pa l yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li. 39David pase nepe Sayil la nan ren l, anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l mache, li pat kapab, paske li pat konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa:
— Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo.
Epi David wete tout bagay yo sou li. 40Lèfini, li pran baton l nan men l, li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l, li mache sou Golyat.
David touye Golyat
41Sòlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotèj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David. 42#1 Sam 16.12 sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l. 43Sòlda #2 Sam 3.8 Filisti a di David konsa:
— Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen?
Epi li pran non bondye l yo pou madichonnen David. 44Apre sa, li di ankò:
— Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje.
45David #1 Sam 1.3; 2 Sam 5.10; 2 Kor 10.4 di sòlda Filisti a konsa:
— W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou. 46Jòdi a #Joz 4.24; 1 Wa 18.36 menm, Senyè a pral lage ou nan men m. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye. 47Wi, #1 Sam 14.6; 2 Kwo 20.15; Sòm 44.6,7; Oze 1.7; Zak 4.6 tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l pa l. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
48Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo. 49Li foure men l nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l, li mete l nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè. 50Se konsa David te blayi sòlda Filisti a ak yon sèl kout fistibal. Li touye li san li pa te gen yon bout nepe nan men li. 51David #1 Sam 21.9; Eb 11.34 kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a sòti nan djenn li, li touye l, lèfini li koupe tèt li.
Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò. 52Sòlda pèp Izrayèl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rèl lagè yo a, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pòtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon. #17.52: jouk lavil Gat ak Ekwon: Tèks ebre a bay jouk nan fon an bò pòtay lavil Ekwon. 53Se lè sa a moun pèp Izrayèl yo sispann kouri dèyè moun Filisti yo, yo kase tèt tounen. Yo fè yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo. 54David #2 Sam 5.6 pran tèt Golyat, li pote l lavil Jerizalèm, men li kenbe zam sòlda Filisti a lakay li.
Abnè mennen David devan Sayil
55#1 Sam 1.26; 16.21,22; 2 Sam 2.8 Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a:
— Abnè, pitit ki moun jennonm sa a ye?
Abnè reponn li:
— Anverite, ekselans, mwen pa konnen!
56Wa a di li:
— Al chache konnen pitit ki moun li ye.
57Apre David fin touye sòlda Filisti a, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Abnè pran l, li mennen l devan Sayil. David te kenbe tèt sòlda Filisti a nan men l toujou. 58Sayil #1 Sam 17.12 mande l:
— Ti gason, pitit ki moun ou ye hen!
David reponn:
— Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm.

Currently Selected:

1 Samyèl 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy