YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 12

12
Samyèl ap di pèp la orevwa
1Samyèl di moun pèp Izrayèl yo:
— Nou #1 Sam 8.5,19,20; 10.24; 11.14,15 wè mwen fè tou sa nou te mande m fè. Mwen ban nou yon wa pou gouvènen nou. 2Kounyeya nou #Nonb 27.17; 1 Sam 8.1,5,20 gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m, mwen fin granmoun, cheve m fin blan, se pitit gason m yo ki la avèk nou. Depi mwen jenn gason rive jòdi a m'ap mache alatèt nou. 3Kounyeya, men #Egz 20.17; Nonb 16.15; 1 Sam 10.1; 24.6; 26.9; 2 Sam 1.14,16; Tra 20.33 mwen! Se pou nou di m devan Senyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pèsonn? Eske mwen janm aji mal ak pèsonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pèsonn pou m kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m te pran an.
4Pèp la reponn:
— Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pèsonn.
5Samyèl #Egz 22.4 di yo:
— Jòdi a, Senyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m.
Pèp la reponn:
— Senyè a temwen!
6Samyèl #Egz 6.13; Mi 6.4 di yo:
— Senyè a temwen sa nou di a, li menm ki te voye Moyiz ak Arawon pou fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip la. 7Kounyeya, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Senyè a pou m akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje #12.7: m'ap fè nou chonje: Se nan vèsyon grèk la nou jwenn mo sa yo. Tèks ebre a pa genyen yo. tout bèl bagay Senyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo. 8Jakòb #Jen 46.5,6; Egz 2.23; 3.10; 4.14-16; 1 Sam 10.18 te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi li. Lè moun peyi Lejip yo pran maltrete zansèt nou yo, #12.8: Lè moun peyi Lejip yo pran maltrete zansèt nou yo: Se nan vèsyon grèk la nou jwenn mo sa yo. Tèks ebre a pa genyen yo. zansèt nou yo rele mande Senyè a sekou. Lè sa a, Senyè a voye Moyiz ak Arawon ki fè yo sòti kite peyi Lejip la epi ki mennen yo vin rete isit la. 9Men #Jij 3.3,7,12; 4.2; 10.7; 13.1 yo bliye Senyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sizera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Mowab ki leve fè lagè ak yo. 10Yo #Jij 2.13; 3.9; 10.10,15 rele mande Senyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Senyè a, n'al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Kounyeya, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou. 11#Jij 6.14,32; 11.1; 1 Sam 7.10-13 sa a, Senyè a voye Jewoubaal, Abdon, #12.11: Abdon osinon Bedan. Nan vèsyon grèk la yo bay Barak. Jefte ak mwen menm, Samyèl, li delivre nou anba men lènmi nou yo ki te tout bò kote nou yo, li fè nou viv ak kè poze. 12Epi #Jij 8.23; 1 Sam 8.5,7,19; 11.1 lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l atake nou, atout nou te konnen se Senyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m: Non! nou pa vle sa ankò. Se yon wa nou vle pou gouvènen nou. 13Kounyeya, men #1 Sam 9.16,17; 10.24; Oze 13.11 wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Senyè a ban nou li. 14Tansèlman, #Det 6.2; Joz 24.14; 1 Sam 12.24 Senyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè. 15Men, #Lev 26.14,15; Det 28.15; Joz 24.20; 1 Sam 5.9; 12.9 si nou pa koute sa Senyè a di nou, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l'ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an. #12.15: ak tout wa nou an: Se ansyen vèsyon grèk la ki bay sa, men tèks ebre a bay tankou li te leve dèyè zansèt nou yo. 16Bon, #Egz 14.13 kounyeya, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wè bèl bagay Senyè a pral fè devan je nou. 17Nou #1 Sam 7.9,10; 8.7; Pwo 26.1; Jak 5.16-18 pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Senyè a, li pral voye loray ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Senyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
18Samyèl #Egz 14.31 lapriyè Senyè a. Jou sa a, Senyè a voye loray ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Senyè a ansanm ak Samyèl. 19Yo #Egz 9.28; 10.17; Jer 15.1; Tra 8.24 tout di Samyèl konsa:
— Tanpri, mèt, lapriyè Senyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
20Samyèl di pèp la konsa:
— Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Senyè a. Sèvi l ak tout kè nou. 21Pa #Det 11.16; Jer 16.19; Aba 2.18; 1 Kor 8.4 vire do ba li pou n'al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen. 22Bondye #Det 7.7,8; 14.2; Joz 7.9; 1 Wa 6.13; 8.57; Sòm 94.14; 106.8; Jer 14.21; Eze 20.9,14,22; Wòm 11.1,2; 1 Pyè 2.9 ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li sòti pou l fè nou tounen yon pèp ki rele l pa l. 23Mwen #Pwo 4.11; Wòm 1.9; Kol 1.9 menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Senyè a si m ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Senyè a. 24Gen #Det 10.21; 1 Sam 12.14; Sòm 126.2,3; Ekl 12.13 krentif pou Senyè a. Sèvi l tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou! 25Mentou, #Det 28.36; Joz 24.20 si nou fè sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri.

Currently Selected:

1 Samyèl 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy