YouVersion Logo
Search Icon

1 Samyèl 11

11
Sayil bat moun Amon yo
1Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin #Egz 23.32; Jij 21.8; 1 Sam 12.12; 31.11; 1 Wa 20.34; Eze 17.13 pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa:
— Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.
2Men, #1 Sam 17.26 Nakach reponn yo:
— M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont.
3Chèf lavil Jabès la di li:
— Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pèsonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou.
4Mesaje #Jij 2.4; 21.2; 1 Sam 10.26 yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesay la, tout moun pete rele byen fò. 5Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, poukisa tout moun t'ap rele konsa. Yo di l sa moun lavil Jabès yo te vin di yo. 6Tande #1 Sam 10.6,10 li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè. 7Li #Jij 19.29; 20.1 pran de bèf, li rache yo fè moso, epi li voye mesaje pote moso vyann yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a:
— Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe tèt bèf yo tankou bèf sa a.
Senyè a voye yon sèl lapèrèz sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil. 8Sayil #Jij 20.15-17; 2 Sam 24.9 sanble yo bò lavil Bezèk pou l pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil (300.000) sòlda ki te moun pèp Izrayèl ak trantmil (30.000) ki te moun fanmi Jida. 9Yo rele mesaje ki te sòti lavil Jabès yo, yo di yo:
— Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou.
Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesay la yo te kontan anpil. 10Yo #1 Sam 11.3 voye di Nakach:
— Denmen n'ap rann tèt nou ba ou. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avèk nou.
11Nan #Jij 7.16 denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pat mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn.
12#1 Sam 10.27; Lik 19.27 sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa:
— Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo.
13Men, #Egz 14.13; 1 Sam 11.9; 14.45; 19.5; 2 Sam 19.22 Sayil di yo konsa:
— Nou p'ap touye pèsonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Senyè a delivre pèp Izrayèl la.
14Epi #1 Sam 10.8; 13.4; 15.33 Samyèl di yo:
— Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a.
15Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Senyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.

Currently Selected:

1 Samyèl 11: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in