YouVersion Logo
Search Icon

1 Wa 3

3
Salomon marye ak pitit fi farawon an
1Salomon antre nan fanmi farawon an, #1 Wa 6.38; 7.1,8; 9.15,16,24; 2 Kwo 8.11 wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l rete nan lavil David la jouk li fin bati palè li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fè wonn lavil Jerizalèm yo. 2Yo #Det 12.2,3,5; 1 Wa 22.43 pat ankò bati yon kay pou Senyè a. Se sa ki fè pèp la t'ap touye bèt yo te ofri pou lòt bondye divès kote sou mòn yo toujou. 3Salomon #Det 6.5; 30.16,20; 1 Wa 3.14 li menm te renmen Senyè a, li te mache dapre lòd David, papa l, te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo.
Salomon mande Bondye bon konprann
(2 Kwonik 1.1-13)
4Salomon #1 Kwo 16.39; 21.29; 2 Kwo 1.3,6,13 te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la. 5Yon #2 Kwo 1.7-12 jou #Nonb 12.6; 1 Wa 9.2; 11.9; Mat 1.20 lannwit, Senyè a parèt devan Salomon nan dòmi lavil Gabawon, li di l konsa:
— Kisa ou ta vle m ba ou?
6Salomon #1 Wa 1.48; 9.4; Sòm 15.2 reponn:
— Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m, David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pat janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pat janm sispann fè l wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a. 7Senyè, #1 Kwo 29.1; Jer 1.6 Bondye mwen, koulyè a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m gouvènen, ou pran m, ou mete m wa a nan plas David, defen papa m. 8Men #Jen 13.16; Det 7.6 mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l. 9Tanpri, #2 Sam 14.17; Sòm 72.1,2; Pwo 2.6; Jak 1.5 ban mwen lespri veyatif pou m ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l?
10Senyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l. 11Li di l konsa:
— Monchè, ou pa mande m pou ou viv lontan, ou pa mande m richès, ni ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri. 12M'ap #1 Wa 4.29-31; 5.12; 10.23,24; Ekl 1.16 ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou. 13Lèfini, #1 Wa 4.21-24; 10.23-27; Mat 6.33 m'ap ba ou sa ou pat mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen okenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la. 14Si #1 Wa 3.6; 15.5; Pwo 3.2 ou fè volonte m, si ou mache dapre lòd ak kòmandman m yo, tankou David, papa ou, te fè l la, m'ap fè ou viv lontan.
15#2 Sam 15.29 Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l'ale devan Bwat Kontra Senyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Senyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l lan.
Bon konprann Salomon
16Yon jou, de jennès vin konparèt devan wa Salomon. 17Yonn ladan yo pran lapawòl, li di:
— Monwa, madanm sa a avè m nou rete nan menm kay. Mwen fè yon pitit gason nan kay la devan li. 18De jou apre pitit mwen an fèt, li menm tou li akouche, li fè yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pat gen lòt moun la ankò. 19Pandan lannwit, antan l'ap dòmi li woule sou pitit pa l la, li toufe l. 20Li leve nan mitan lannwit lan, antan m'ap dòmi, li pran ti pitit mwen an ki te bò kote m, li mete l nan kabann pa l. Li pran ti pitit pa l la, li mete l tou mouri a nan kabann pa m. 21Nan maten, lè mwen leve pou mwen bay pitit mwen tete, mwen jwenn li mouri. Men lè mwen gade byen, se pa te pitit mwen an sa.
22Men lòt fanm lan di:
— Non, se pa vre. Se pitit pa m lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri.
Lè sa a, premye fanm lan reponn:
— Non, se pa vre. Se pitit pa m lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri.
Se konsa yo t'ap fè kont devan wa a. 23Lè sa a, wa a pran lapawòl, li di:
— Sa a di se pitit li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou lòt la. Lòt la menm di non, se pitit pa li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou sa a.
24Wa a voye chache yon nepe. Lè yo pote nepe a li di konsa:
25— Koupe ti pitit vivan an mwatye mwatye, bay chak fanm yon moso.
26Men #Eza 49.15 manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a:
— Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li.
Men lòt madanm lan menm di:
— Ou mèt koupe l! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen.
27Lè sa a Salomon di:
— Pa touye pitit la. Renmèt li bay premye fanm lan. Se li menm ki manman ti pitit ki vivan an.
28#1 Wa 3.9-11 pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.

Currently Selected:

1 Wa 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in