1
Jenèz 15:6
1998 Haïtienne
Abram mete konfyans li nan Senyè a, se konsa Senyè a fè l gras.
तुलना
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:6
2
Jenèz 15:1
Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki t'ap pale avè l. Senyè a di l konsa: — Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:1
3
Jenèz 15:5
Senyè a fè Abram sòti deyò, li di l konsa: — Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di: — Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:5
4
Jenèz 15:4
Lè sa a, li tande Senyè a ki di l konsa: — Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou.
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:4
5
Jenèz 15:13
Senyè a di l: — Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (400 an).
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:13
6
Jenèz 15:2
Abram di: — Senyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tou fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m, se Elyezè, moun peyi Damas la.
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:2
7
Jenèz 15:18
Se jou sa a Senyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l konsa: — M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:18
8
Jenèz 15:16
Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo.
अन्वेषण गर्नुहोस् Jenèz 15:16
होम
बाइबल
योजनाहरू
भिडियोहरू