YouVersion लोगो
सर्च आयकॉन

Egzòd 6

6
1Senyè a di Moyiz konsa:
— Se kounyeya ou pral wè sa m pral fè #Egz 3.19; 11.1 farawon an. Mwen pral fè l santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi li a.
Misyon Moyiz devan farawon
2Bondye pale ak Moyiz, li di l:
— Se mwen menm ki Senyè a. #6.2: Senyè a: Nan tèks ebre a yo mete Yaouve osinon Yave. Nou ta ka di Granmèt la tou. 3Mwen #Jen 17.1; 35.11; Egz 3.14 te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pat fè yo konnen m sou lòt non mwen an, ki vle di: Senyè a. 4Mwen #Jen 15.18; 17.4,7,8; 28.4 te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a. 5Kounyeya, mwen #Egz 2.24 tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a. 6Men #Egz 3.17; 7.4; 15.13; Det 7.8; 26.8; 2 Wa 17.36; Sòm 136.11,12 sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Senyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m pou m delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini. 7M'ap #Jen 17.7,8; Egz 29.45,46; Lev 22.33; Det 7.6; 29.13; 2 Sam 7.24; Rev 21.7 adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. 8Apre #Jen 15.18; 26.3; Egz 32.13; Eze 20.5,6,42 sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Senyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l rele nou chèmèt.
9Moyiz #Egz 5.21 di pèp Izrayèl la sa, men yo pat vle kwè l, paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo. 10Lè sa a, Senyè a di Moyiz konsa:
11— Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l konsa pou l kite pèp Izrayèl la sòti kite peyi l la.
12Men, #Egz 4.10 Moyiz di Senyè a:
— Ata pèp Izrayèl la pat koute m, atò se farawon an ki ta koute m? Mwen tou pa konn pale.
13Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip.
Zansèt Moyiz ak Arawon
14Men #Jen 46.9; 1 Kwo 5.3 non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Riben, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Riben lan sa. 15Apre #Jen 46.10; 1 Kwo 4.24 li vin Simeyon. Men non pitit Simeyon yo: Jemwèl, Jamen, Arad, Jaken, Taoska ak Sayil, yon pitit li te fè ak yon fanm moun peyi Kanaran. Se tout fanmi Simeyon yo sa. 16Apre #Jen 46.11; Nonb 3.17; 1 Kwo 6.1,16 li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (137 an). 17Men #Nonb 3.18; 1 Kwo 6.17 pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi. 18Men #Nonb 3.19; 1 Kwo 6.2,18 pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (133 an). 19Men #Nonb 3.20; 1 Kwo 6.19 pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo.
20Amram #Egz 2.1; 1 Kwo 23.13,14 te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (137 an). 21Men #Nonb 16.1; 1 Kwo 6.37,38 pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri. 22Men #Lev 10.4; Nonb 3.30 pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri. 23Arawon #Lev 10.1; Nonb 3.2; Rit 4.19,20; 1 Kwo 2.10; 6.3; Mat 1.4; Lik 3.32,33 te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon. 24Men #1 Kwo 6.22,23,37 non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa. 25Eleaza, #Nonb 25.7 pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo. 26Se #Egz 6.13; 7.4; 12.17; Nonb 33.1 menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Senyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo sòti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup. 27Se yo menm tou ki te al di farawon an, wa Lejip la, pou l fè pèp Izrayèl la sòti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa.
Moyiz ak Arawon devan Bondye
28Lè Senyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la, men sa li te di l:
29— Se #Egz 6.2,11 mwen menm ki Senyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l bay farawon an, wa Lejip la.
30Men #Egz 6.12 Moyiz koupe pawòl nan bouch Senyè a, li di l:
— Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m?

सध्या निवडलेले:

Egzòd 6: HAT98

ठळक

सामायिक करा

कॉपी करा

None

तुमचे हायलाइट तुमच्या सर्व डिव्हाइसेसवर सेव्ह करायचे आहेत? साइन अप किंवा साइन इन