YouVersion लोगो
सर्च आयकॉन

Egzòd 5

5
Moyiz ak Arawon devan farawon
1Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l konsa:
— Men #Egz 10.9 sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.
2Farawon #Egz 3.19; 2 Wa 18.35; Jòb 21.15 an reponn:
— Kilès ki Senyè a menm jouktan pou mwen ta swiv lòd li kite pèp la ale a? Mwen pa konnen Senyè sa a. Kidonk mwen p'ap kite yo fè yon pa.
3Moyiz #Egz 3.18 ak Arawon di l:
— Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n'al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè.
4Wa #Egz 1.11 Lejip la di Moyiz ak Arawon:
— Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou!
5Farawon #Egz 1.7,9 an di ankò:
— Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Kounyeya atò, nou ta vle pou yo kite travay yo?
6Menm #Egz 3.7; 5.14,15 jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayel ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a:
7— Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen. 8Men, se pou yo founi menm valè brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutèt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bèt pou nou touye bay Bondye nou an. 9Fè yo travay pi rèd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gentan pou yo koute tout radòt moun ap vin di yo.
10Chèf kòve yo ak fòmann yo vin di pèp la:
— Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankò. 11Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valè brik la pou nou bay.
12Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay. 13Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo:
— Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la.
14Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo:
— Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pat bay menm valè brik nou te konn fè anvan an?
15Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo te al plenyen bay farawon an. Yo di l:
— Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa? 16Yo pa ban nou pay ankò. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fè brik. Lèfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antò wi, monwa.
17Farawon an reponn yo:
— Se yon bann parese nou ye. Se poutèt sa n'ap di: O wi, kite n'al ofri bèt pou nou touye bay Senyè a. 18Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la.
19Fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo vin wè yo te nan yon move sitirasyon lè yo mande yo pou yo fè menm valè brik yo te konn fè a chak jou, san manke yonn. 20Antan y'ap sòti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo. 21Yo #Egz 6.9 di yo:
— Se pou Senyè a wè sa nou fè la a. Se pou l pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.
Lapriyè Moyiz nan pye Bondye
22#Nonb 11.11 sa a, Moyiz tounen al jwenn Senyè a ankò, li di l:
— Senyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m? 23Depi menm lè mwen te al bò kote farawon an pou m pale avè l pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pèp ou a. Epi ou pa fè anyen pou delivre pèp la.

सध्या निवडलेले:

Egzòd 5: HAT98

ठळक

सामायिक करा

कॉपी करा

None

तुमचे हायलाइट तुमच्या सर्व डिव्हाइसेसवर सेव्ह करायचे आहेत? साइन अप किंवा साइन इन