1
Lik 6:38
1998 Haïtienne
Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
Харьцуулах
Lik 6:38 г судлах
2
Lik 6:45
— Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale sòti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale sòti nan kè li ki move. Paske, sa k nan kè yon nonm, se sa k sòti nan bouch li.
Lik 6:45 г судлах
3
Lik 6:35
Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan.
Lik 6:35 г судлах
4
Lik 6:36
Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.
Lik 6:36 г судлах
5
Lik 6:37
— Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.
Lik 6:37 г судлах
6
Lik 6:27-28
— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.
Lik 6:27-28 г судлах
7
Lik 6:31
Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.
Lik 6:31 г судлах
8
Lik 6:29-30
Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l pou li.
Lik 6:29-30 г судлах
9
Lik 6:43
— Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn.
Lik 6:43 г судлах
10
Lik 6:44
Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Joumou pa donnen kalbas. Ni kenèp pa donnen rezen.
Lik 6:44 г судлах
Нүүр хуудас
Библи
Тѳлѳвлѳгѳѳ
Видео