Jenèz 5

5
1Sa se liv jenerasyon Adan yo.
Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l #Jen 1:26-27nan imaj Bondye. 2Li te kreye yo #Mat 19:4 mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
3Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth. 4Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi. 5Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.
6Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch. 7Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi. 8Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
9Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan. 10Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi. 11Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
12Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel. 13Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi. 14Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri.
15Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred. 16Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi. 17Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
18Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc. 19Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi. 20Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
21Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah. 22Alò, Hénoc te #Mi 6:8mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi. 23Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane. 24Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te #II Wa 2:10pran l.
25Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec. 26Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi. 27Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
28Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis. 29Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan #Jen 3:17-19tè ke SENYÈ a te modi a.” 30Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi. 31Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
32Noé te gen laj #Jen 7:6senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.

Šiuo metu pasirinkta:

Jenèz 5: BSA

Paryškinti

Dalintis

Kopijuoti

None

Norite, kad paryškinimai būtų įrašyti visuose jūsų įrenginiuose? Prisijunkite arba registruokitės

„YouVersion“ naudoja slapukus, kad suasmenintų jūsų patyrimą. Naršydami mūsų internetinėje svetainėje, sutinkate su slapukų naudojimu, kaip tai yra aprašyta mūsų Privatumo politikoje