“Pawòl pou gide w”, yon mesaj Pastè Craig GroeschelEgzanp
![Words To Live By With Craig Groeschel](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapi.com%2Fhttps%3A%2F%2Fs3.amazonaws.com%2Fyvplans%2F3479%2F1280x720.jpg&w=3840&q=75)
Sere yo nan kè w
Donk jodi a, ou fin ekri panse negatif ki souvan vin nan tèt ou, epi w jwenn yon verite spirityèl ki koresponn ak sitiyasyon w e k ap ede w demoli fòtrès panse negatif sa yo. Senpleman gen panse pozitif sa yo ka ede diminye strès ou. Pastè Craig eksplike l konsa.
“Se pa kantite bagay ou gen pou fè ki ba w strès, men pitofason ou anvizaje tout bagay ou pral fè yo.”
Ala yon soulajman! Epi ou konnen yon bagay? Gen yon fason pou asire w toujou gen verite a avèk ou. Ann tande dènye etap la nan bouch Pastè Craig.
Etap Twa: Revize verite espirityèl ou te jwenn nan 2e etap la, epi fè yo vin pa w. Finalman, sere yo nan kè w pandan w ap repete yo chak jou. Ou ka jwenn mesaj Pastè Craig ki relePawòl pou gide w ak lòt egzanp nan: finds.life.church/words
Konsènan Plan sa a
![Words To Live By With Craig Groeschel](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapi.com%2Fhttps%3A%2F%2Fs3.amazonaws.com%2Fyvplans%2F3479%2F1280x720.jpg&w=3840&q=75)
Panse w yo ka bloke w, desann ou epi ba w manti. Men yo ka leve w tou! Se pou sa Craig Groeschel, pastè prensipal Life.Church, ekri kèk verite li li chak jou. Kòmanse li pou w wè ki jan pawòl sa yo te chanje tout bagay pou li, epi jwenn twa etap senp pou w dekouvri pwòp Pawòl pou gide w.
More