Bib pou tout MounEgzanp

Bible for All

JOU 1 SOU 3

Lè nou chache mete fen nan yon bagay oswa ede yon moun ki pòv, nou bezwen konnen e konprann kisa mo povete a ye.

Petèt, geyen yon konpreyansyon de povrete epi chache pou'w mete yon fen nan li vle di pou rekonèt e pou genyen konpreyansyon de sa Jezi te di: "benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye". Repons ki pi fasil la sè ke lè nou vinn jwenn Bondye, nou sipoze realize peche nou, epi mank espirityalite e povrete nou. Nou paka gen ògèy nan kè nou, oswa panse nou pa bezwen Bondye. (Jak 4:6) Pi gwo egzanp nou genyen de "pòv nan lespri" se Jezi, ak imilite san parèy li te viv yon vi obeyisan jiska lanmò pou nou, nou bezwen wè tèt nou kòm fèb, dou, e pòv nan lespri. Konpreyansyon nou sou pwòp kè nou pèmèt pouvwa Bondye vin pafè nan feblès nou yo ( 2 Korent 12:9). Rekonèt bezwen nou pou Bondye ranpli nou ak pawòl li. Matye 4:4 di nou, "Moun pa kapab viv ak manje ase, Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou." Bib la aprann nou “Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.” (‭‭Jozye‬ ‭1:8‬)

Lè nou wè nou santi nou inittil e konplètmen depann sou Li, se lè sa nou ka chache mete yon fen nan tout sòt de povrete nan mond la. Mete fen nan povrete biblik epi pote pawòl Bondye a ki ka transfòme kè moun kòmanse lè nou tout rekonèt povrete spirityèl pa nou epi nou bezwen depann sou jezi nèt ale. Pandan nat medite sou pawòl la e aplike li nan lavi nou chak jou, nap vinn plis ekipe pou'n sèvi lòt yo paske nap aji anba prezans Bondye nan lavi nou.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Bible for All

Si nou onèt ak tèt nou nou kap di ak yon sèten mezi ou yon lòt ke pawòl Bondye a gen yon enpak pozitiv e transfòmativ nan lavi nou. Nou espere nan twa jou kap vini yo ou ka konprann plis ki sa provete biblik ye epi kijan ou ka ede mete yon fin nan sa kounye a!

More

Nou ta renmen remèsye YWAM Kona pou bèl plan sa li pataje ak nou. Pou plis enfòmasyon vizite: http://www.endbiblepovertynow.com