Zakari 12:1-14

Zakari 12:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)

Men mesay Senyè a bay pou fè konnen volonte l sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Senyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi. Mwen pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou. Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l va foule anba l. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l. Jou sa a atò, m'ap fè tout chwal yo onbraje, m'ap fè kavalye yo depale. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'ap veye pèp Jida a pou anyen pa rive yo. Men, m'ap fè tout chwal lènmi l yo vin avèg. Lè sa a, moun fanmi Jida yo va di nan kè yo se Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, ki tout fòs moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Lè sa a, m'ap fè moun fanmi Jida yo tounen tankou yon boukan dife nan mitan yon rakbwa, osinon y'ap tankou bwa chandèl limen nan mitan pay chèch. L'ap devore tout peyi ki toupre l yo, sou bò gòch ak sou bò dwat. Men, moun lavil Jerizalèm yo ap rete nan plas yo. Premye moun Senyè a ap delivre, se va moun Jida yo. Konsa, lwanj y'a fè pou pitit pitit David yo ak pou pèp Jerizalèm lan p'ap pi gwo pase lwanj y'ap fè pou rès moun Jida yo. Lè sa a, Senyè a va louvri zèl li pou l pwoteje tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Wi, lè sa a, menm pi fèb la ap gen fòs tankou David. Pitit pitit David yo va alatèt pou dirije yo tankou Bondye, tankou zanj Senyè a. Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm. M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m. Y'a leve je yo gade m, y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo. Lè sa a, rèl ap pete lavil Jerizalèm tankou lè rèl te pete pou Adad-Rimòn nan plenn Megidon an. Nan peyi a, chak fanmi va mete tèt yo ansanm pou yo rele pou kont yo, gason nan fanmi David yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Natan yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Levi yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Chimèy yo yon bò, medam yo yon lòt bò. Tout rès fanmi yo va kenbe rèl la tou, gason yo yon bò, medam yo yon lòt bò, chak fanmi bò pa yo.

Zakari 12:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Voici un message du SEIGNEUR au sujet d’Israël. Le SEIGNEUR qui a déroulé le ciel, posé les fondations de la terre et formé l’esprit humain déclare : « Je vais faire de Jérusalem une coupe remplie du vin de ma colère. Elle fera tourner la tête à tous les peuples voisins. Quand Jérusalem sera attaquée, tous les habitants de Juda perdront la tête. Oui, à ce moment-là, je ferai de Jérusalem un bloc de pierre que personne ne peut soulever. Tous ceux qui voudront la soulever se blesseront. C’est pourquoi tous les peuples de la terre s’uniront contre la ville. À ce moment-là, je le déclare, moi, le SEIGNEUR : je frapperai tous les chevaux de peur, et leurs cavaliers deviendront fous. Je veillerai sur Juda, mais je rendrai aveugles tous les chevaux des autres peuples. Les chefs de Juda se diront en eux-mêmes : “Les habitants de Jérusalem sont forts, parce que leur Dieu, c’est le SEIGNEUR de l’univers.” À ce moment-là, je rendrai les chefs de Juda pareils à un feu qui prend sous un tas de bois, ou à une poignée de paille allumée sous les gerbes. Ils détruiront de tous côtés les peuples qui les entourent. Mais les habitants de Jérusalem continueront à habiter à cet endroit. » Le SEIGNEUR sauvera d’abord les familles de Juda. Alors les gens de la famille de David et les habitants de Jérusalem ne se croiront pas au-dessus des autres gens de Juda. À ce moment-là, le SEIGNEUR protégera les habitants de Jérusalem : les plus faibles parmi eux deviendront aussi forts que David. Les gens de la famille de David seront pour eux comme Dieu à leurs yeux, comme l’ange du SEIGNEUR. Le Seigneur dit : « À ce moment-là, je chercherai à détruire tous les peuples qui viendront attaquer Jérusalem. Je répandrai sur les gens de la famille de David et sur les habitants de Jérusalem un esprit de bonté et de prière. Ils regarderont vers moi, à cause de celui qu’ils ont transpercé. Ils chanteront pour lui un chant de deuil comme on le fait à la mort d’un fils unique. Ils pleureront sur lui comme on pleure quand on perd son premier enfant. À ce moment-là, il y aura à Jérusalem une cérémonie de deuil aussi importante que pour Hadad-Rimmon, dans la vallée de Méguiddo . Chaque clan du pays fera la cérémonie de deuil séparément : – le clan de la famille de David à part, les hommes d’un côté, les femmes de l’autre, – le clan de la famille de Natan à part, les hommes d’un côté, les femmes de l’autre, – le clan de la famille de Lévi à part, les hommes d’un côté, les femmes de l’autre, – le clan de la famille de Chiméi à part, les hommes d’un côté, les femmes de l’autre. De la même façon, tous les autres clans feront la cérémonie de deuil séparément, les hommes d’un côté, les femmes de l’autre.

Zakari 12:1-14 New International Version (NIV)

A prophecy: The word of the LORD concerning Israel. The LORD, who stretches out the heavens, who lays the foundation of the earth, and who forms the human spirit within a person, declares: “I am going to make Jerusalem a cup that sends all the surrounding peoples reeling. Judah will be besieged as well as Jerusalem. On that day, when all the nations of the earth are gathered against her, I will make Jerusalem an immovable rock for all the nations. All who try to move it will injure themselves. On that day I will strike every horse with panic and its rider with madness,” declares the LORD. “I will keep a watchful eye over Judah, but I will blind all the horses of the nations. Then the clans of Judah will say in their hearts, ‘The people of Jerusalem are strong, because the LORD Almighty is their God.’ “On that day I will make the clans of Judah like a firepot in a woodpile, like a flaming torch among sheaves. They will consume all the surrounding peoples right and left, but Jerusalem will remain intact in her place. “The LORD will save the dwellings of Judah first, so that the honor of the house of David and of Jerusalem’s inhabitants may not be greater than that of Judah. On that day the LORD will shield those who live in Jerusalem, so that the feeblest among them will be like David, and the house of David will be like God, like the angel of the LORD going before them. On that day I will set out to destroy all the nations that attack Jerusalem. “And I will pour out on the house of David and the inhabitants of Jerusalem a spirit of grace and supplication. They will look on me, the one they have pierced, and they will mourn for him as one mourns for an only child, and grieve bitterly for him as one grieves for a firstborn son. On that day the weeping in Jerusalem will be as great as the weeping of Hadad Rimmon in the plain of Megiddo. The land will mourn, each clan by itself, with their wives by themselves: the clan of the house of David and their wives, the clan of the house of Nathan and their wives, the clan of the house of Levi and their wives, the clan of Shimei and their wives, and all the rest of the clans and their wives.

Zakari 12:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Proclamation. Déclaration de l’Eternel au sujet d’Israël. L’Eternel dit ceci, lui qui a étendu le ciel et posé les fondements de la terre, qui a formé l’esprit humain dans l’homme : De Jérusalem je vais faire une coupe enivrante pour tous les peuples qui l’entourent. Il en sera de même pour Juda quand on assiégera Jérusalem. Voici : en ce jour-là, je ferai de Jérusalem une très lourde pierre pour tous les autres peuples et quiconque essaiera de la lever de terre en sera tout meurtri. Tous les peuples du monde uniront leurs efforts pour la combattre. En ce jour-là – l’Eternel le déclare – je frapperai les chevaux d’épouvante et leurs cavaliers de folie. Mais sur le peuple de Juda, je veillerai, alors que je rendrai aveugles tous les chevaux des autres peuples. Et les chefs de Juda reconnaîtront alors que, pour Jérusalem et pour ceux qui l’habitent, la force est en leur Dieu, le Seigneur des armées célestes. En ce jour-là, je ferai des chefs de Juda un foyer d’incendie dans un tas de bois, une torche enflammée dans un grand tas de foin, et ils consumeront à leur droite et à leur gauche les peuples d’alentour. Et Jérusalem restera installée à sa place. En premier lieu, l’Eternel sauvera la population de Juda pour que la famille de David et tous ceux qui habitent Jérusalem ne soient pas orgueilleux et ne s’exaltent pas au-dessus de Juda. En ce jour-là, l’Eternel défendra la population de Jérusalem. Le plus chancelant d’entre eux sera en ce jour-là comme David, et la dynastie de David sera comme Dieu même, comme l’ange de l’Eternel. Alors, en ce jour-là, j’entreprendrai de détruire toute nation qui viendra pour combattre contre Jérusalem. Je répandrai alors sur la famille de David et sur ceux qui habitent Jérusalem un Esprit de grâce et de supplication. Alors ils tourneront leurs regards vers moi, celui qu’ils auront transpercé. Ils porteront le deuil pour lui comme on porte le deuil pour un fils unique ; ils pleureront sur lui tout comme on pleure amèrement pour son fils premier-né. En ce jour-là, il y aura un très grand deuil dans tout Jérusalem, comme le deuil d’Hadadrimmôn dans la vallée de Meguiddo. Le pays tout entier célébrera ce deuil, chaque famille à part, la famille de David à part, et ses femmes à part, la famille de Nathan à part, et ses femmes à part, la famille de Lévi à part, et ses femmes à part, la famille de Shimeï à part, et ses femmes à part, et toutes les autres familles, chacune à part, et les femmes à part.