Women 8:31-39

Women 8:31-39 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ki sa n ta di sou sa? Poutèt Bondye pou nou, ki moun ki ka kanpe kont nou? Menm pwòp pitit li Jezikris Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikris, pitit li a. Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li. Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikris te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou. Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li? Jan Bib la di l, “Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan. Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.” Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou. Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikris, Senyè nou an.

Women 8:31-39

Women 8:31-39 HAT98