Women 7:7-25

Women 7:7-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pat di m: Piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou nou. Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l fè m gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri. Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò. Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m lavi a, se li menm ki ban m lanmò. Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an. Men, lalwa a se yon bagay ki sòti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon. Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou. Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki sòti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m, li fè m tounen esklav li. Lè m fè yon bagay, mwen pa konprann sa m fè a. Paske, sa m ta vle fè a, se pa sa m fè. Epi sa m pa vle fè a, se li mwen fè. Si sa m pat vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon. Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li. Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. Epi, si m fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m ka fè. Nan fon kè m, mwen jwenn tout plezi m nan lalwa Bondye a. Men, nan tout kò m, mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen. Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m anba kò sa a k'ap trennen m nan lanmò? Gremesi Jezikri, Senyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Women 7:7-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors, qu’est-ce que cela veut dire ? Est-ce que la loi appartient au péché ? Sûrement pas ! Mais j’ai connu le péché seulement par la loi. En effet, je ne pouvais pas connaître les désirs mauvais sans ce commandement de la loi : « Tu n’auras pas de désirs mauvais. » Le péché a profité de l’occasion, il s’est servi du commandement pour produire en moi toutes sortes de désirs mauvais. Le péché, c’est une chose morte, s’il n’y a pas de loi. Autrefois, quand il n’y avait pas de loi, j’étais vivant. Mais quand le commandement est venu, c’est le péché qui est devenu vivant, et moi, je suis mort. C’est pourquoi le commandement qui devait me conduire à la vie m’a conduit à la mort. Oui, le péché a profité de l’occasion, il s’est servi du commandement pour me tromper et ainsi, il m’a fait mourir. Mais la loi est sainte, et le commandement est saint, juste et bon. Alors, est-ce qu’une chose bonne peut faire mourir ? Sûrement pas ! Mais le péché s’est servi d’une chose bonne pour me donner la mort. De cette façon, le commandement a permis de reconnaître combien le péché est mauvais et de montrer toute sa violence. Oui, nous le savons, la loi vient de Dieu, mais moi, je suis un homme faible, vendu comme esclave au péché. Vraiment, ce que je fais, je ne le comprends pas. Ce que je veux, je ne le fais pas, et ce que je déteste, je le fais. Si je fais ce que je ne veux pas, je reconnais que la loi est bonne. Alors, ce n’est pas moi qui agis, c’est le péché qui habite en moi. Oui, je le sais, le bien n’habite pas en moi, je veux dire en moi qui suis faible. Pour moi, vouloir le bien, c’est possible, mais faire le bien, c’est impossible. En effet, le bien que je veux, je ne le fais pas, et le mal que je ne veux pas, je le fais. Si je fais ce que je ne veux pas, ce n’est pas moi qui agis, mais c’est le péché qui habite en moi. Ainsi, je découvre cette loi : quand je veux faire le bien, c’est le mal qui se présente à moi. Au fond de moi-même, la loi de Dieu me plaît. Mais je trouve dans mon corps une autre loi, elle lutte contre la loi avec laquelle mon intelligence est d’accord. Cette loi me fait prisonnier de la loi du péché qui est en moi. Me voilà bien malheureux ! Qui va me libérer de ce corps qui me conduit vers la mort ? Remercions Dieu par Jésus-Christ notre Seigneur ! Ainsi, avec mon intelligence, j’accepte la loi de Dieu, mais avec ma faiblesse, j’obéis à la loi du péché.

Women 7:7-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ki sa nou ta panse m vle di? Lalwa ak peche se menm bagay? Se pa sa ditou! Men se Lalwa ki fè m konnen sa peche ye. M pa t ap janm konnen li pa bon pou m pote lanvi sou sa k pa pou mwen. Men Lalwa di: “Ou pa dwe pote lanvi sou zafè lòt moun.” Peche pwofite okazyon an pou l sèvi ak kòmannman an pou fè m gen tout kalite vye lanvi. Peche pa egziste, si pa gen lalwa. Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan. Konsa, mwen menm, mwen mouri. Kòmannman an, se pou m te ka viv, men pou mwen, se lanmò li pote. Peche a pwofite okazyon an, li sèvi ak kòmannman an pou l twonpe m epi pou l fè m fè eksperyans lanmò. Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon. Èske sa ta vle di yon bagay ki bon se lanmò li ta pote pou mwen? Pa ditou! Men peche sèvi ak yon bon kòmannman pou fè m mouri. Sa fè n konprann kijan peche se yon bagay ki tèrib toutbon. Li ka sèvi ak yon bon kòmannman pou bay yon rezilta ki montre kijan peche se yon move bagay. Nou konnen Lalwa se yon bagay espirityèl. Men tout moun ki anba Lalwa ta dwe di: mwen fèb nan vi espirityèl mwen. Peche dirije m tankou esklav li. Paske, mwen pa fè sa m vle fè yo, se sa m rayi m ap fè. M pa konprann pou kisa m aji jan m aji a. Si se sa m pa vle fè, m ap fè, sa vle di m dakò pou m di Lalwa se yon bon bagay. Kounye a, se pa mwen ki fè sa m ap fè a, men se peche ki rete nan mwen an ki fè sa. Wi, m konnen pa gen anyen ki bon nan mwen, m vle di nan feblès lachè mwen. Pou mwen menm, m vle fè sa ki byen, men m pa rive fè l. M pa fè sa ki byen mwen vle fè a, sa ki mal m pa vle fè a, se li mwen fè. Konsa, si m fè sa m pa vle fè, se pa mwen ki fè sa m fè a. Se peche ki abite nan mwen ki fè sa. Men sa m aprann konsènan Lalwa: Lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal la ki parèt. M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m. Men m jwenn yon lòt lwa k ap travay nan mwen. L ap goumen ak Lalwa lespri mwen byen renmen an. Lwa sa a k ap travay nan mwen an, se lwa peche a ki fè m tounen prizonye li. Ala tèt chaje, ala mizè pou mwen! Ki lès ki pou sove m anba kò lanmò sa a? (Remèsiman pou Bondye pa mwayen Jezikris, Senyè nou an!) Konsa, nan lespri m, mwen esklav Lalwa Bondye, men nan feblès lachè mwen, mwen esklav lalwa peche a.

Women 7:7-25 New International Version (NIV)

What shall we say, then? Is the law sinful? Certainly not! Nevertheless, I would not have known what sin was had it not been for the law. For I would not have known what coveting really was if the law had not said, “You shall not covet.” But sin, seizing the opportunity afforded by the commandment, produced in me every kind of coveting. For apart from the law, sin was dead. Once I was alive apart from the law; but when the commandment came, sin sprang to life and I died. I found that the very commandment that was intended to bring life actually brought death. For sin, seizing the opportunity afforded by the commandment, deceived me, and through the commandment put me to death. So then, the law is holy, and the commandment is holy, righteous and good. Did that which is good, then, become death to me? By no means! Nevertheless, in order that sin might be recognized as sin, it used what is good to bring about my death, so that through the commandment sin might become utterly sinful. We know that the law is spiritual; but I am unspiritual, sold as a slave to sin. I do not understand what I do. For what I want to do I do not do, but what I hate I do. And if I do what I do not want to do, I agree that the law is good. As it is, it is no longer I myself who do it, but it is sin living in me. For I know that good itself does not dwell in me, that is, in my sinful nature. For I have the desire to do what is good, but I cannot carry it out. For I do not do the good I want to do, but the evil I do not want to do—this I keep on doing. Now if I do what I do not want to do, it is no longer I who do it, but it is sin living in me that does it. So I find this law at work: Although I want to do good, evil is right there with me. For in my inner being I delight in God’s law; but I see another law at work in me, waging war against the law of my mind and making me a prisoner of the law of sin at work within me. What a wretched man I am! Who will rescue me from this body that is subject to death? Thanks be to God, who delivers me through Jesus Christ our Lord! So then, I myself in my mind am a slave to God’s law, but in my sinful nature a slave to the law of sin.

Women 7:7-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Que dire maintenant ? La Loi se confond-elle avec le péché ? Loin de là ! Seulement, s’il n’y avait pas eu la Loi, je n’aurais pas connu le péché, et je n’aurais pas su ce qu’est la convoitise si la Loi n’avait pas dit : Tu ne convoiteras pas . Mais alors le péché, prenant appui sur le commandement, a suscité en moi toutes sortes de désirs mauvais. Car, sans la Loi, le péché est sans vie. Pour ma part, autrefois sans la Loi, je vivais, mais quand le commandement est intervenu, le péché a pris vie, et moi je suis mort. Ainsi, ce qui s’est produit pour moi, c’est que le commandement qui devait conduire à la vie m’a conduit à la mort. Car le péché a pris appui sur le commandement : il m’a trompé et m’a fait mourir en se servant du commandement. Ainsi, la Loi elle-même est sainte, et le commandement est saint, juste et bon. Ce qui est bon est-il devenu pour moi une cause de mort ? Loin de là ! C’est le péché ! En effet, il a provoqué ma mort en se servant de ce qui est bon, et a de la sorte manifesté sa nature de péché et son excessive perversité par le moyen du commandement. Nous savons que la Loi a été inspirée par l’Esprit de Dieu, mais moi, je suis comme un homme livré à lui-même, vendu comme esclave au péché. En effet, je ne comprends pas ce que je fais : je ne fais pas ce que je veux, et c’est ce que je déteste que je fais. Et si je fais ce que je ne veux pas, je reconnais par là que la Loi est bonne. En réalité, ce n’est plus moi qui le fais, mais c’est le péché qui habite en moi. Car je sais que le bien n’habite pas en moi, c’est-à-dire dans ce que je suis par nature. Vouloir le bien est à ma portée, mais non l’accomplir. Je ne fais pas le bien que je veux, mais le mal que je ne veux pas, je le commets. Si donc je fais ce que je ne veux pas, ce n’est plus moi qui le fais mais c’est le péché qui habite en moi. Je découvre ainsi cette loi : lorsque je veux faire le bien, c’est le mal qui est à ma portée. Dans mon être intérieur, je prends plaisir à la Loi de Dieu. Mais je vois bien qu’une autre loi est à l’œuvre dans mon corps : elle combat la Loi qu’approuve ma raison et elle fait de moi le prisonnier de la loi du péché qui agit dans mes membres. Malheureux que je suis ! Qui me délivrera de ce corps voué à la mort  ? Dieu soit loué : c’est par Jésus-Christ notre Seigneur. En résumé : moi-même, je suis, par la raison, au service de la Loi de Dieu, mais je suis, dans ce que je vis concrètement, esclave de la loi du péché.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an