Wòm 7:7-25

Wòm 7:7-25 VKF

Ki sa nou ta panse m vle di? Lalwa ak peche se menm bagay? Se pa sa ditou! Men se Lalwa ki fè m konnen sa peche ye. M pa t ap janm konnen li pa bon pou m pote lanvi sou sa k pa pou mwen. Men Lalwa di: “Ou pa dwe pote lanvi sou zafè lòt moun.” Peche pwofite okazyon an pou l sèvi ak kòmannman an pou fè m gen tout kalite vye lanvi. Peche pa egziste, si pa gen lalwa. Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan. Konsa, mwen menm, mwen mouri. Kòmannman an, se pou m te ka viv, men pou mwen, se lanmò li pote. Peche a pwofite okazyon an, li sèvi ak kòmannman an pou l twonpe m epi pou l fè m fè eksperyans lanmò. Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon. Èske sa ta vle di yon bagay ki bon se lanmò li ta pote pou mwen? Pa ditou! Men peche sèvi ak yon bon kòmannman pou fè m mouri. Sa fè n konprann kijan peche se yon bagay ki tèrib toutbon. Li ka sèvi ak yon bon kòmannman pou bay yon rezilta ki montre kijan peche se yon move bagay. Nou konnen Lalwa se yon bagay espirityèl. Men tout moun ki anba Lalwa ta dwe di: mwen fèb nan vi espirityèl mwen. Peche dirije m tankou esklav li. Paske, mwen pa fè sa m vle fè yo, se sa m rayi m ap fè. M pa konprann pou kisa m aji jan m aji a. Si se sa m pa vle fè, m ap fè, sa vle di m dakò pou m di Lalwa se yon bon bagay. Kounye a, se pa mwen ki fè sa m ap fè a, men se peche ki rete nan mwen an ki fè sa. Wi, m konnen pa gen anyen ki bon nan mwen, m vle di nan feblès lachè mwen. Pou mwen menm, m vle fè sa ki byen, men m pa rive fè l. M pa fè sa ki byen mwen vle fè a, sa ki mal m pa vle fè a, se li mwen fè. Konsa, si m fè sa m pa vle fè, se pa mwen ki fè sa m fè a. Se peche ki abite nan mwen ki fè sa. Men sa m aprann konsènan Lalwa: Lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal la ki parèt. M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m. Men m jwenn yon lòt lwa k ap travay nan mwen. L ap goumen ak Lalwa lespri mwen byen renmen an. Lwa sa a k ap travay nan mwen an, se lwa peche a ki fè m tounen prizonye li. Ala tèt chaje, ala mizè pou mwen! Ki lès ki pou sove m anba kò lanmò sa a? (Remèsiman pou Bondye pa mwayen Jezikris, Senyè nou an!) Konsa, nan lespri m, mwen esklav Lalwa Bondye, men nan feblès lachè mwen, mwen esklav lalwa peche a.

Li Wòm 7

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an