Women 14:1-23

Women 14:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Se pou n resevwa byen moun ki fèb nan konfyans yo san nou pa bezwen diskite opinyon yo genyen. Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay. Gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase. Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a. Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l kenbe fèm, paske Senyè a gen pouvwa pou l soutni li. M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo. Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi. Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a, si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo. Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye. Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo. Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche. Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Senyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki sòti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li. Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l te ka sove l tou. Sa ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fè yo pale ou mal. Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo. Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa. Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye. Piga kraze travay Bondye a poutèt yon kèsyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche. Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche. Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l pou tèt ou devan Bondye. Benediksyon pou yon moun ki pa santi l koupab lè l'ap fè sa li kwè li dwe fè. Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l lè l manje l, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.

Women 14:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Accueillez celui qui n’a pas une foi solide, ne critiquez pas ce qu’il pense. Par exemple, quelqu’un croit qu’il peut manger de tout, mais quelqu’un d’autre qui n’a pas une foi solide mange seulement des légumes. Celui qui mange de tout ne doit pas mépriser celui qui ne mange pas certains aliments. Et celui qui ne mange pas certains aliments ne doit pas juger celui qui mange de tout, car Dieu l’a accueilli. Qui es-tu, toi, pour juger le serviteur d’un autre ? S’il reste debout ou s’il tombe, c’est l’affaire de son maître. Et il restera debout, parce que le Seigneur est capable de le soutenir. Quelqu’un pense que certains jours sont plus importants que d’autres, quelqu’un d’autre pense qu’ils sont tous pareils. Chacun doit être bien persuadé de ce qu’il pense. Celui qui fait des différences entre les jours fait cela pour le Seigneur. Celui qui mange de tout fait cela pour le Seigneur, car il remercie Dieu. Et celui qui ne mange pas de tout fait cela pour le Seigneur, et lui aussi remercie Dieu. Personne parmi nous ne vit pour soi-même, et personne ne meurt pour soi-même. Si nous vivons, nous vivons pour le Seigneur, si nous mourons, nous mourons pour le Seigneur. Alors, en vivant ou en mourant, nous appartenons au Seigneur. Oui, le Christ est mort et il est revenu à la vie, pour être le Seigneur des morts et des vivants. Mais toi, pourquoi juger ta sœur ou ton frère chrétiens ? Et toi, pourquoi les mépriser ? En effet, nous devrons tous nous présenter devant le tribunal de Dieu. Dans les Livres Saints, on lit : « Moi, le Seigneur vivant, je le jure, tous les êtres humains se mettront à genoux devant moi et tous me rendront gloire. » Ainsi chacun de nous devra rendre des comptes à Dieu. Arrêtons donc de nous juger les uns les autres. Mais voici plutôt ce que vous devez décider : ne mettez rien devant votre frère ou votre sœur pour leur faire perdre l’équilibre, ou pour les pousser au mal. Je le sais et, grâce au Seigneur Jésus, j’en suis sûr : rien n’est impur. Mais si quelqu’un pense qu’une chose est impure, elle devient impure pour lui. Si tu fais de la peine à ton frère ou à ta sœur à cause de ce que tu manges, tu ne vis plus selon l’amour. Pour une question de nourriture, ne va pas détruire un frère ou une sœur pour qui le Christ est mort ! Ce que vous jugez bon pour vous, cela ne doit pas donner aux autres l’occasion de le trouver mauvais. En effet, le Royaume de Dieu n’est pas une question de nourriture et de boisson. Le Royaume de Dieu, c’est la justice, la paix et la joie données par l’Esprit Saint. Celui qui sert le Christ de cette façon plaît à Dieu, et les gens lui donnent raison. Alors cherchons ce qui sert la paix et ce qui construit la communauté. Ne détruis pas le travail de Dieu pour une question de nourriture ! C’est vrai, tous les aliments sont purs. Mais manger quelque chose qui pousse les autres au mal, ce n’est pas bien. Ce qui est bien, c’est, par exemple, de ne pas manger de viande, de ne pas boire de vin, en un mot, de ne rien prendre qui peut faire tomber dans le péché ton frère ou ta sœur. Ce que tu crois sur cette question, garde-le pour toi devant Dieu. Il est heureux, celui qui ne se sent pas coupable quand il décide d’agir ! Celui qui mange un aliment en n’étant pas sûr de bien faire, celui-là, Dieu le condamne. En effet, il n’agit pas en accord avec sa foi, et quand on n’est pas en accord avec la foi, on commet un péché.

Women 14:1-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse. Yon moun kwè li ka manje tout bagay, yon lòt menm, ki pa gen yon lafwa solid, li manje legim sèlman. Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l. Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe. Yon moun ka panse gen jou ki pi enpòtan pase lòt, yon lòt panse tout jou se menm. Chak moun dwe byen sèten sou sa l kwè nan pwòp lespri li. Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi. Pa gen pèsòn ki viv oubyen ki mouri pou tèt li ase. Si n ap viv, se pou Senyè a n ap viv. Epi si nou mouri, se pou Senyè a n ap mouri. Kit n ap viv, kit nou mouri, se pwopriyete Senyè a nou ye. Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo. Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la. Paske Bib la di: “Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon, tout moun va mete ajenou devan m; tout moun va di se Bondye mwen ye.” Konsa, nou tout gen pou n rann kont devan Bondye pou sa nou fè. Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal. M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li. Si w deside manje yon manje ki fè frè w oubyen sè w mal ou p ap viv selon lanmou. Pa detwi lafwa yon moun poutèt yon manje! Kris te mouri poutèt moun sa a. Pa kite sa w panse ki bon pou ou tounen yon rezon pou fè moun kritike w. Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a. Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l. An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou. An n pa kite yon manje detwi travay Bondye. Tout manje bon devan Bondye, men li pa bon pou yon moun manje yon bagay ki fè yon lòt moun peche. Sa ki byen, se pou n pa ta manje vyann, pa bwè diven, pa sèvi ak anyen ki ka fè frè ak sè nou yo peche. Egzamine konviksyon w yo nan kè w sou bagay sa yo devan Bondye. Se yon benediksyon pou moun ki ka fè sa l kwè ki dwat, san l pa santi l koupab. Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.

Women 14:1-23 New International Version (NIV)

Accept the one whose faith is weak, without quarreling over disputable matters. One person’s faith allows them to eat anything, but another, whose faith is weak, eats only vegetables. The one who eats everything must not treat with contempt the one who does not, and the one who does not eat everything must not judge the one who does, for God has accepted them. Who are you to judge someone else’s servant? To their own master, servants stand or fall. And they will stand, for the Lord is able to make them stand. One person considers one day more sacred than another; another considers every day alike. Each of them should be fully convinced in their own mind. Whoever regards one day as special does so to the Lord. Whoever eats meat does so to the Lord, for they give thanks to God; and whoever abstains does so to the Lord and gives thanks to God. For none of us lives for ourselves alone, and none of us dies for ourselves alone. If we live, we live for the Lord; and if we die, we die for the Lord. So, whether we live or die, we belong to the Lord. For this very reason, Christ died and returned to life so that he might be the Lord of both the dead and the living. You, then, why do you judge your brother or sister? Or why do you treat them with contempt? For we will all stand before God’s judgment seat. It is written: “ ‘As surely as I live,’ says the Lord, ‘every knee will bow before me; every tongue will acknowledge God.’ ” So then, each of us will give an account of ourselves to God. Therefore let us stop passing judgment on one another. Instead, make up your mind not to put any stumbling block or obstacle in the way of a brother or sister. I am convinced, being fully persuaded in the Lord Jesus, that nothing is unclean in itself. But if anyone regards something as unclean, then for that person it is unclean. If your brother or sister is distressed because of what you eat, you are no longer acting in love. Do not by your eating destroy someone for whom Christ died. Therefore do not let what you know is good be spoken of as evil. For the kingdom of God is not a matter of eating and drinking, but of righteousness, peace and joy in the Holy Spirit, because anyone who serves Christ in this way is pleasing to God and receives human approval. Let us therefore make every effort to do what leads to peace and to mutual edification. Do not destroy the work of God for the sake of food. All food is clean, but it is wrong for a person to eat anything that causes someone else to stumble. It is better not to eat meat or drink wine or to do anything else that will cause your brother or sister to fall. So whatever you believe about these things keep between yourself and God. Blessed is the one who does not condemn himself by what he approves. But whoever has doubts is condemned if they eat, because their eating is not from faith; and everything that does not come from faith is sin.

Women 14:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Accueillez celui qui est mal affermi dans la foi, sans contester sans cesse ses opinions. Ainsi la foi de l’un le conduit à manger de tout. L’autre, qui est mal affermi dans la foi, ne mange que des légumes. Que celui qui mange de tout ne méprise pas celui qui ne fait pas comme lui, et que celui qui ne mange pas de viande ne condamne pas celui qui en mange, car Dieu lui a fait bon accueil. Qui es-tu, toi, pour juger le serviteur d’un autre ? Qu’il tienne bon ou qu’il tombe, c’est l’affaire de son maître. Mais il tiendra bon car le Seigneur, son maître, a le pouvoir de le faire tenir. Pour celui-ci, tel jour a plus d’importance qu’un autre  ; pour celui-là, ils sont tous égaux : à chacun d’avoir une pleine conviction en lui-même. Celui qui fait une distinction entre les jours le fait pour le Seigneur. Celui qui mange de tout le fait aussi pour le Seigneur, puisqu’il remercie Dieu pour sa nourriture. Et celui qui s’abstient de certains aliments le fait encore pour le Seigneur, car lui aussi remercie Dieu. Aucun de nous ne vit pour lui-même et aucun ne meurt pour lui-même. Si nous vivons, nous vivons pour le Seigneur, et si nous mourons, nous mourons pour le Seigneur. Ainsi, que nous vivions ou que nous mourions, nous appartenons au Seigneur. En effet, Christ est mort et il est revenu à la vie pour être le Seigneur des morts et des vivants. Et toi, pourquoi condamnes-tu ton frère ? Ou toi, pourquoi méprises-tu ton frère ? Ne devons-nous pas tous comparaître devant le tribunal de Dieu ? Car il est écrit : Aussi vrai que je vis, dit le Seigneur, tout genou ploiera devant moi et toute langue me reconnaîtra comme Dieu . Ainsi chacun de nous rendra compte à Dieu pour lui-même. Cessons donc de nous condamner les uns les autres. Prenez plutôt la décision de ne rien mettre en travers du chemin d’un frère qui puisse le faire trébucher ou tomber. Pour moi, je sais et je suis pleinement convaincu, en accord avec la pensée du Seigneur Jésus, que rien n’est impur en soi. Cependant, si quelqu’un considère que telle chose est impure, alors elle est impure pour lui. Si donc, à cause d’un aliment, tu fais du tort à ton frère, tu ne te conduis pas selon l’amour. Ne va pas, pour un aliment, causer la perte de celui pour qui Christ est mort. Que ce qui est bien pour vous ne devienne pas pour d’autres une occasion de dire du mal de vous. Dans le royaume de Dieu, ce n’est pas le manger et le boire qui importent, mais une vie juste, la paix et la joie que produit l’Esprit Saint. Celui qui sert Christ de cette manière est agréable à Dieu et estimé des hommes. Ainsi donc, cherchons toujours ce qui contribue à favoriser la paix et à nous faire grandir les uns les autres dans la foi. Ne va pas, pour un aliment, détruire l’œuvre de Dieu. Tout est pur, c’est vrai. Mais il est mal de manger tel aliment si cela risque de causer la chute d’un frère. Ce qui est bien, c’est de s’abstenir de viande, de vin, bref, de tout ce qui peut entraîner la chute de ton frère. Garde devant Dieu cette foi que tu as. Heureux celui qui ne se condamne pas lui-même par ce qu’il approuve. Mais celui qui mange tout en ayant des doutes à ce sujet est déjà condamné, car son attitude ne découle pas de la foi. Or tout ce qui ne découle pas de la foi est péché.