Women 12:4-13
Women 12:4-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l apa. Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò. Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l anonse mesay ki sòti nan Bondye, se pou l fè sa dapre lafwa li genyen an. Si yon lòt resevwa don pou l fè yon travay, se pou l fè travay la. Moun ki resevwa don pou l moutre lòt anpil bagay, se sa pou l fè. Moun ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan. Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
Women 12:4-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
En effet, dans notre corps, il y a plusieurs parties, et elles ne font pas toutes la même chose. De même, nous qui sommes plusieurs, nous formons tous ensemble un seul corps en étant unis au Christ. Et nous sommes tous unis les uns aux autres, chacun à sa place, comme les parties d’un même corps. Nous avons reçu de Dieu des dons, et ils sont différents pour chacun de nous. Alors si quelqu’un a le don de parler comme un prophète, qu’il parle en accord avec la foi commune à tous. Si quelqu’un a le don de servir, qu’il serve, si quelqu’un a le don d’enseigner, qu’il enseigne, si quelqu’un a le don d’encourager, qu’il encourage. Celui qui donne doit donner sans compter, celui qui dirige la communauté doit le faire avec ardeur, celui qui aide les pauvres doit le faire avec joie. Que votre amour soit vrai. Détestez le mal, attachez-vous au bien. Aimez-vous de tout votre cœur comme des frères et sœurs chrétiens. Soyez toujours les premiers à vous respecter les uns les autres. Servez le Seigneur activement, sans paresse et de tout votre cœur. Soyez dans la joie à cause de votre espérance. Restez patients dans le malheur, continuez à prier fidèlement. Aidez les chrétiens qui en ont besoin, recevez bien ceux qui viennent chez vous.
Women 12:4-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Paske, menm jan nou chak gen yon sèl kò ak anpil manm, epi tout manm yo pa gen menm wòl pou yo jwe, se kon sa tou, nou anpil epi nou fòme yon sèl kò nan Kris, epi nou se manm youn lòt. Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li. Si yon moun gen don pou rann sèvis, se pou l rann sèvis. Moun ki gen don pou l anseye, se pou l anseye. Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan. Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen. Se pou nou youn renmen lòt paske nou se manm yon menm fanmi. Se pou nou toujou premye nan chache onore youn lòt. Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a. Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè. Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.
Women 12:4-13 New International Version (NIV)
For just as each of us has one body with many members, and these members do not all have the same function, so in Christ we, though many, form one body, and each member belongs to all the others. We have different gifts, according to the grace given to each of us. If your gift is prophesying, then prophesy in accordance with your faith; if it is serving, then serve; if it is teaching, then teach; if it is to encourage, then give encouragement; if it is giving, then give generously; if it is to lead, do it diligently; if it is to show mercy, do it cheerfully. Love must be sincere. Hate what is evil; cling to what is good. Be devoted to one another in love. Honor one another above yourselves. Never be lacking in zeal, but keep your spiritual fervor, serving the Lord. Be joyful in hope, patient in affliction, faithful in prayer. Share with the Lord’s people who are in need. Practice hospitality.
Women 12:4-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Chacun de nous a, dans un seul corps, de nombreux organes ; mais ces organes n’ont pas la même fonction. De même, alors que nous sommes nombreux, nous formons ensemble un seul corps par notre union avec Christ, et nous sommes tous, et chacun pour sa part, membres les uns des autres. Et nous avons des dons de la grâce différents, que, dans sa bonté, Dieu nous a accordés. Pour l’un, c’est la prophétie : qu’il exerce cette activité conformément à notre foi commune. Pour un autre, c’est le service : qu’il se consacre à ce service. Que celui qui a reçu un ministère d’enseignement enseigne. Que celui qui a reçu un ministère d’encouragement encourage. Que celui qui donne le fasse sans arrière-pensée ; que celui qui dirige le fasse avec sérieux ; que celui qui secourt les malheureux le fasse avec joie. Que votre amour soit sincère. Ayez donc le mal en horreur, attachez-vous de toutes vos forces au bien, notamment en ce qui concerne : – l’amour fraternel : soyez pleins d’affection les uns pour les autres ; – l’estime mutuelle : soyez les premiers à la manifester ; – l’ardeur : ne soyez pas nonchalants ; – l’Esprit : soyez bouillants ; – le Seigneur : soyez de bons serviteurs ; – l’espérance : qu’elle soit votre joie ; – l’épreuve : qu’elle vous trouve pleins d’endurance ; – la prière : priez avec persévérance ; – les besoins de ceux qui font partie du peuple saint : soyez-en solidaires, toujours prêts à pratiquer l’hospitalité.