Revelasyon 7:1-17

Revelasyon 7:1-17 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pat soufle ni sou tè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute sòti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo: — Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo ankenn domaj. Tann nou fin met letanp lan sou fwon moun pa Bondye yo. Apre sa, yo di m kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la. Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Riben lan, douzmil nan branch Gad la, douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a, douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a, douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an. Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pèsonn pat kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: — Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, yo t'ap di: — Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn. Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: — Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo sòti? Mwen reponn li: — Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: — Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. L'a mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.

Revelasyon 7:1-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après cela, je vois quatre anges debout aux quatre coins de la terre. Ils retiennent les quatre vents de la terre : ainsi aucun vent ne peut souffler sur la terre, ni sur la mer ni sur aucun arbre. Je vois un autre ange, il monte du côté où le soleil se lève. Il tient ce qui sert à mettre la marque du Dieu vivant. Il crie avec force aux quatre anges qui ont reçu le pouvoir de faire du mal à la terre et à la mer : « Attention ! Ne faites pas de mal à la terre, ni à la mer ni aux arbres ! Nous devons d’abord mettre une marque sur le front des serviteurs de notre Dieu. » Et j’entends dire le nombre de ceux qui reçoivent la marque de Dieu. Il y a 144 000 personnes de toutes les tribus du peuple d’Israël : 12 000 de la tribu de Juda, 12 000 de la tribu de Ruben, 12 000 de la tribu de Gad, 12 000 de la tribu d’Asser, 12 000 de la tribu de Neftali, 12 000 de la tribu de Manassé, 12 000 de la tribu de Siméon, 12 000 de la tribu de Lévi, 12 000 de la tribu d’Issakar, 12 000 de la tribu de Zabulon, 12 000 de la tribu de Joseph, 12 000 de la tribu de Benjamin. Tous reçoivent la marque de Dieu. Après cela, je regarde encore. Je vois une très grande foule : ce sont des gens de tous les pays, de toutes les tribus, de tous les peuples et de toutes les langues. Personne ne peut les compter. Ils sont debout devant le siège du roi et devant l’Agneau. Ils portent des vêtements blancs et ils tiennent une palme à la main. Ils crient d’une voix forte : « Notre Dieu qui est assis sur le siège royal et l’Agneau, ce sont eux qui nous sauvent. » Tous les anges sont groupés autour du siège, autour des anciens et des quatre êtres vivants. Ils tombent, le front contre le sol, devant le siège royal et ils adorent Dieu. Ils disent : « Amen ! Merci ! Louange, gloire, sagesse, honneur, puissance et force à notre Dieu pour toujours ! Amen ! » L’un des anciens me demande : « Ces gens qui portent des vêtements blancs, qui sont-ils et d’où viennent-ils ? » Je lui réponds : « Maître, c’est toi qui le sais. » Il me dit : « Ce sont les gens qu’on a fait beaucoup souffrir. Ils ont lavé leurs vêtements dans le sang de l’Agneau, et ainsi leurs vêtements sont devenus blancs. C’est pourquoi ils se tiennent devant le siège de Dieu. Ils servent Dieu nuit et jour dans son temple, et celui qui est assis sur le siège royal les protégera. Ils n’auront plus faim, ils n’auront plus soif, le soleil et la chaleur ne les brûleront plus. Oui, l’Agneau qui est près du siège royal sera leur berger. Il les conduira vers des sources d’eau, d’une eau qui donne la vie, et Dieu essuiera toutes les larmes de leurs yeux. »

Revelasyon 7:1-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, mwen wè kat anj kanpe nan kat kwen latè. Anj sa yo te kenbe van ki soti nan kat direksyon latè a nan men yo. Yo fè sa pou van pa soufle ditou, ni sou latè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. M wè yon lòt zanj ki soti bò kote solèy leve, li te gen sa Bondye vivan an nan men l. Li rele kat anj ki te resevwa lòd pou fè latè ak lanmè a mal, li di yo: Pa fè ni tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo anyen ki mal, jouktan nou fin make fon sèvitè Bondye yo avèk sa a. M te tande kantite moun ki te make ak sa a: Yo te sankarannkat mil moun, yo soti nan tout ras fanmi pèp Izrayèl la. Pou ras fanmi Jida se 12,000 Pou ras fanmi Riben se 12,000 Pou ras fanmi Gad se 12,000 Pou ras fanmi Azè se 12,000 Pou ras fanmi Neftali se 12,000 Pou ras fanmi Manase se 12,000 Pou ras fanmi Simeyon se 12,000 Pou ras fanmi Levi se 12,000 Pou ras fanmi Isaka se 12,000 Pou ras fanmi Zabilon se 12,000 Pou ras fanmi Jozèf se 12,000 Pou ras fanmi Benjamen se 12,000 Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. Yo t ap rele byen fò, yo t ap di: “Viktwa a se pou Bondye nou an li ye, li menm ki chita sou twòn nan, ansanm avèk Ti Mouton an.” Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!” Lè sa a, youn nan granmoun yo mande m: Moun sa yo ki abiye ak wòb blan yo, ki moun yo ye? Kote yo soti? M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo, yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an. Se poutèt sa, moun sa yo devan twòn Bondye a. Y ap adore li nan tanp lan lajounen kou lannuit. Moun ki chita sou twòn nan ap ba yo pwoteksyon lakay li. Yo p ap janm grangou ankò, yo p ap janm swaf ankò, solèy la p ap boule yo ankò, ata gwo chalè p ap frape yo. Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.

Revelasyon 7:1-17 New International Version (NIV)

After this I saw four angels standing at the four corners of the earth, holding back the four winds of the earth to prevent any wind from blowing on the land or on the sea or on any tree. Then I saw another angel coming up from the east, having the seal of the living God. He called out in a loud voice to the four angels who had been given power to harm the land and the sea: “Do not harm the land or the sea or the trees until we put a seal on the foreheads of the servants of our God.” Then I heard the number of those who were sealed: 144,000 from all the tribes of Israel. From the tribe of Judah 12,000 were sealed, from the tribe of Reuben 12,000, from the tribe of Gad 12,000, from the tribe of Asher 12,000, from the tribe of Naphtali 12,000, from the tribe of Manasseh 12,000, from the tribe of Simeon 12,000, from the tribe of Levi 12,000, from the tribe of Issachar 12,000, from the tribe of Zebulun 12,000, from the tribe of Joseph 12,000, from the tribe of Benjamin 12,000. After this I looked, and there before me was a great multitude that no one could count, from every nation, tribe, people and language, standing before the throne and before the Lamb. They were wearing white robes and were holding palm branches in their hands. And they cried out in a loud voice: “Salvation belongs to our God, who sits on the throne, and to the Lamb.” All the angels were standing around the throne and around the elders and the four living creatures. They fell down on their faces before the throne and worshiped God, saying: “Amen! Praise and glory and wisdom and thanks and honor and power and strength be to our God for ever and ever. Amen!” Then one of the elders asked me, “These in white robes—who are they, and where did they come from?” I answered, “Sir, you know.” And he said, “These are they who have come out of the great tribulation; they have washed their robes and made them white in the blood of the Lamb. Therefore, “they are before the throne of God and serve him day and night in his temple; and he who sits on the throne will shelter them with his presence. ‘Never again will they hunger; never again will they thirst. The sun will not beat down on them,’ nor any scorching heat. For the Lamb at the center of the throne will be their shepherd; ‘he will lead them to springs of living water.’ ‘And God will wipe away every tear from their eyes.’”

Revelasyon 7:1-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après cela, je vis quatre anges ; ils se tenaient debout aux quatre coins de la terre. Ils retenaient les quatre vents de la terre pour qu’aucun vent ne souffle ni sur la terre, ni sur la mer, ni sur aucun arbre. Et je vis un autre ange monter du côté de l’orient. Il tenait le sceau du Dieu vivant. Il cria d’une voix forte aux quatre anges auxquels Dieu avait donné le pouvoir de ravager la terre et la mer. Il leur dit : Ne faites pas de mal à la terre, à la mer, ni aux arbres, tant que nous n’avons pas marqué du sceau le front des serviteurs de notre Dieu. J’entendis le nombre de ceux qui furent ainsi marqués : ils étaient cent quarante-quatre mille de toutes les tribus du peuple d’Israël à porter cette marque : douze mille de la tribu de Juda marqués du sceau, douze mille de la tribu de Ruben, douze mille de la tribu de Gad, douze mille de la tribu d’Aser, douze mille de la tribu de Nephtali, douze mille de la tribu de Manassé, douze mille de la tribu de Siméon, douze mille de la tribu de Lévi, douze mille de la tribu d’Issacar, douze mille de la tribu de Zabulon, douze mille de la tribu de Joseph, douze mille de la tribu de Benjamin, marqués du sceau. Après cela, je vis une foule immense, que nul ne pouvait dénombrer. C’étaient des gens de toute nation, de toute tribu, de tout peuple, de toute langue. Ils se tenaient debout devant le trône et devant l’Agneau, vêtus de tuniques blanches et ils avaient à la main des branches de palmiers. Ils proclamaient d’une voix forte : Le salut appartient à notre Dieu qui siège sur le trône, et à l’Agneau. Et tous les anges se tenaient debout tout autour du trône, des représentants du peuple de Dieu et des quatre êtres vivants. Ils se prosternèrent face contre terre devant le trône et ils adorèrent Dieu en disant : Amen ! A notre Dieu soient la louange, la gloire et la sagesse, la reconnaissance et l’honneur, la puissance et la force pour toute éternité ! Amen ! Alors l’un des représentants du peuple de Dieu prit la parole et me demanda : Ces gens vêtus d’une tunique blanche, qui sont-ils et d’où sont-ils venus ? Je lui répondis : Mon seigneur, c’est toi qui le sais. Il reprit : Ce sont ceux qui viennent de la grande détresse. Ils ont lavé et blanchi leurs tuniques dans le sang de l’Agneau. C’est pourquoi ils se tiennent devant le trône de Dieu et lui rendent un culte nuit et jour dans son temple. Et celui qui siège sur le trône les abritera sous sa tente . Ils ne connaîtront plus ni la faim, ni la soif ; ils ne souffriront plus des ardeurs du soleil , ni d’aucune chaleur brûlante. Car l’Agneau qui est au milieu du trône prendra soin d’eux comme un berger, il les conduira vers les sources d’eaux vives, et Dieu lui-même essuiera toute larme de leurs yeux .

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an