Revelasyon 7

7
Sankarannkatmil moun nan ras Izrayèl la
1Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen #Eze 7.2; 37.9; Da 7.2; Zak 6.5; Mat 24.31 latè a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pat soufle ni sou tè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. 2Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute sòti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo:
3— Poko #Eze 9.4,6 fè ni tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo ankenn domaj. Tann nou fin met letanp lan sou fwon moun pa Bondye yo.
4Apre #Rev 14.1,3 sa, yo di m kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la. 5Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Riben lan, douzmil nan branch Gad la, 6douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a, 7douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a, 8douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an.
Gwo foul moun yo
9Apre #Rev 6.11 sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pèsonn pat kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. 10Yo #Rev 12.10 t'ap rele byen fò, yo t'ap di:
— Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. 11Tout #Rev 5.11; 11.16 zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, 12yo t'ap di:
— Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.
13Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen:
— Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo sòti?
14Mwen #Da 12.1; Jen 49.11; Mat 24.21; Eb 9.14 reponn li:
— Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen.
Lè sa a, li di mwen:
— Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. 15Se #Rev 21.3,22 poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. 16Yo #Eza 49.10 p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. 17Paske, #Eze 34.23; Rev 5.6; Jer 2.13; 31.16; Sòm 23.2; Eza 25.8 ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. L'a mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an