Revelasyon 14:1-20

Revelasyon 14:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil (144.000) moun avèk li. Yo tout te gen non l ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo. Mwen tande yon vwa ki sòti nan syèl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loray. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita. Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pèsonn pat kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè. Moun sa yo, se moun ki pat fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premye moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an. Manti pat janm sòti nan bouch yo, yo san repwòch. Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan syèl la. Li te gen yon bòn nouvèl pou l te bay tout moun ki rete sou latè, bòn nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: — Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo. Yon dezyèm zanj t'ap swiv premye a, li t'ap di: — Wey, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini! Li menm ki t'ap fè tout nasyon bwè diven fò li a! Li menm ki t'ap fè yo bwè diven gwo imoralite li a! Yon twazyèm zanj t'ap swiv de premye yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: — Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit. Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfyans yo fèm nan Jezi a gen anpil pasyans. Apre sa mwen tande yon vwa nan syèl la ki di mwen: — Men, ekri sa: Benediksyon pou tout moun ki depi kounyeya mouri nan sèvis Senyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo. Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nyaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nyaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li. Yon lòt zanj sòti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nyaj la. Li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la. Lè sa a, moun ki te chita anwo nyaj la pase kouto digo l la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè. Yon lòt zanj sòti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l. Yon lòt zanj ankò sòti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi. Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo. Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule sòti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.

Revelasyon 14:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Je regarde encore : je vois l’Agneau debout sur la montagne de Sion. Avec lui, il y a 144 000 personnes . Le nom de l’Agneau et le nom de son Père sont écrits sur leurs fronts. J’entends une voix qui vient du ciel. On dirait le bruit des vagues de la mer, ou le bruit d’un grand coup de tonnerre. La voix que j’entends ressemble au son des harpes quand des musiciens en jouent. Ces milliers de personnes chantent un chant nouveau devant le siège royal, devant les quatre êtres vivants et devant les anciens. Personne ne peut apprendre ce chant, sauf les 144 000 qui viennent de la terre. Ils ont été rachetés très cher. Eux, ils n’ont pas sali leur vie avec des prostituées, ils n’ont eu aucun contact avec elles. Eux, ils suivent l’Agneau partout où il va. Ils ont été rachetés très cher parmi les êtres humains, ainsi, ils sont offerts les premiers à Dieu et à l’Agneau. Jamais ils n’ont ouvert la bouche pour mentir, ils sont sans défaut. Puis je vois un autre ange qui vole très haut dans le ciel. Il doit annoncer aux habitants de la terre une Bonne Nouvelle qui est pour toujours. Il doit l’annoncer à tous les pays, à toutes les tribus, aux gens de toutes langues et à tous les peuples. Cet ange dit d’une voix forte : « Respectez Dieu avec confiance et chantez sa gloire ! Oui, c’est le moment où il va juger le monde. Adorez celui qui a fait le ciel et la terre, la mer et les sources d’eau. » Un deuxième ange suit le premier. Il dit : « Elle est tombée, elle est tombée, la grande Babylone ! Elle a donné en abondance son vin à boire à tous les peuples, et boire son vin, c’est se prostituer comme elle. » Un troisième ange suit les deux premiers. Il dit d’une voix forte : « Si quelqu’un adore la bête et sa statue, s’il reçoit sa marque sur le front et sur la main, il boira, lui aussi, le vin de la colère de Dieu. Ce vin sera fort et Dieu le versera dans la coupe de sa colère. Ces gens-là souffriront durement dans le feu et dans la poussière brûlante, devant les anges saints et devant l’Agneau. La fumée du feu qui les fait souffrir durement monte pour toujours. Ceux qui adorent la bête et sa statue, ceux qui ont reçu la marque de son nom, souffrent sans cesse jour et nuit. » Pour ceux qui appartiennent à Dieu, qui obéissent à ses commandements et qui croient en Jésus, c’est le moment d’être patients. Puis j’entends une voix qui vient du ciel. Elle dit : « Écris : “Ils sont heureux dès maintenant, ceux qui meurent au service du Seigneur.” L’Esprit Saint dit : “C’est vrai, ils peuvent se reposer de leurs efforts. En effet, leurs actions parlent pour eux.” » Je regarde encore et je vois un nuage blanc. Quelqu’un qui ressemble à un homme est assis sur le nuage. Sur la tête, il porte une couronne d’or, et dans la main, il a une faucille bien aiguisée. Un autre ange sort du temple. Il crie d’une voix forte à celui qui est assis sur le nuage : « Utilise ta faucille et fais la récolte, c’est le moment de récolter, parce que la terre est mûre pour la récolte. » Alors celui qui est assis sur le nuage fait passer sa faucille sur la terre, et la récolte est faite sur toute la terre. Ensuite, un autre ange sort du temple du ciel. Lui aussi, il tient une faucille bien aiguisée. Puis un autre ange vient de l’autel. Il peut commander au feu et il crie d’une voix forte à celui qui tient la faucille bien aiguisée : « Utilise ta faucille bien aiguisée et récolte les grappes de la vigne sur la terre ! Le raisin est mûr. » L’ange fait passer sa faucille sur la terre. Il récolte le raisin sur la vigne de la terre, il le jette dans le grand pressoir de la colère de Dieu. On écrase le raisin dans le pressoir en dehors de la ville, et du sang coule du pressoir. Le sang se répand sur 300 kilomètres et il monte jusqu’à la mâchoire des chevaux.

Revelasyon 14:1-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an, li te kanpe sou Mòn Siyon an. Te gen 144,000 moun avèk li. Yo tout te gen non l ak non papa l ekri sou fon yo. Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe. Pèp la t ap chante yon chan nouvo devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ansanm ak granmoun yo. Moun ki te ka aprann chan nouvo sa a se 144,000 moun sa yo sèlman, moun yo te rachte sou latè yo. Pa gen pyès lòt moun ankò ki te ka aprann li. Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an. Yo se moun ki pa janm bay manti: yo san fot. Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. Anj lan t ap rele byen fò: “Se pou n gen krentif pou Bondye, ba li glwa, paske lè a rive pou Bondye jije tout nasyon yo. Adore Bondye, li menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak sous dlo yo.” Yon dezyèm anj vini apre premye a, li t ap rele byen fò: “Li kraze! Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan! Li te fè tout nasyon yo bwè nan diven peche seksyèl sovaj li a.” Yon twazyèm zanj parèt apre de premye yo. Li di byen fò: “Si yon moun adore bèt la ak estati zidòl li a, si yon moun resevwa mak li sou fon l oubyen sou men l, li menm tou l ap bwè nan gode diven san melanj kòlè Bondye a. Moun kon sa va soufri anpil nan toumant dife, devan anj ki apa pou Bondye yo ak devan Ti Mouton an tou! Dife k ap toumante yo a ap bay yon lafimen pou tout tan gen tan. P ap gen okenn repo, lajounen kou lannuit, pou moun sa yo ki adore bèt la ak zidòl li a oubyen ki te pote mak non bèt la.” Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans. Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.” M gade ankò. Te gen yon nyaj blan. Yon siy ki sanble ak yon moun te chita sou nyaj la. Li pote yon kouwòn an n ò sou tèt li. Nan men li, li gen yon manchèt byen file. Lè sa a, yon lòt anj soti nan tanp lan, li pale avèk fòs, ak moun ki te chita sou nyaj la: “Pran manchèt ou, ranmase rekòt la, paske lè a rive pou rekòlte, paske rekòt latè a pare.” Lè sa a, moun ki te nan mitan nyaj la pase manchèt la sou latè, yo te ranmase rekòt la. Apre sa, yon lòt anj soti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon manchèt byen file. Se lè sa a, yon lòt anj, anj ki gen pouvwa sou dife a, li te soti kote lotèl la ye a. Li pale byen fò ak anj ki te gen manchèt byen file nan men l lan: “Voye manchèt byen file w la, rekòlte grap rezen ki sou latè yo, paske rezen yo pare.” Anj lan voye manchèt li sou latè, li ranmase grap rezen sou latè yo epi li jete yo tout nan gwo basen kòlè Bondye a. Yo te kraze rezen yo nan basen andeyò lavil la. San te koule sou yon distans 300 kilomèt epi monte rive jis nan fè ki bride cheval yo.

Revelasyon 14:1-20 New International Version (NIV)

Then I looked, and there before me was the Lamb, standing on Mount Zion, and with him 144,000 who had his name and his Father’s name written on their foreheads. And I heard a sound from heaven like the roar of rushing waters and like a loud peal of thunder. The sound I heard was like that of harpists playing their harps. And they sang a new song before the throne and before the four living creatures and the elders. No one could learn the song except the 144,000 who had been redeemed from the earth. These are those who did not defile themselves with women, for they remained virgins. They follow the Lamb wherever he goes. They were purchased from among mankind and offered as firstfruits to God and the Lamb. No lie was found in their mouths; they are blameless. Then I saw another angel flying in midair, and he had the eternal gospel to proclaim to those who live on the earth—to every nation, tribe, language and people. He said in a loud voice, “Fear God and give him glory, because the hour of his judgment has come. Worship him who made the heavens, the earth, the sea and the springs of water.” A second angel followed and said, “ ‘Fallen! Fallen is Babylon the Great,’ which made all the nations drink the maddening wine of her adulteries.” A third angel followed them and said in a loud voice: “If anyone worships the beast and its image and receives its mark on their forehead or on their hand, they, too, will drink the wine of God’s fury, which has been poured full strength into the cup of his wrath. They will be tormented with burning sulfur in the presence of the holy angels and of the Lamb. And the smoke of their torment will rise for ever and ever. There will be no rest day or night for those who worship the beast and its image, or for anyone who receives the mark of its name.” This calls for patient endurance on the part of the people of God who keep his commands and remain faithful to Jesus. Then I heard a voice from heaven say, “Write this: Blessed are the dead who die in the Lord from now on.” “Yes,” says the Spirit, “they will rest from their labor, for their deeds will follow them.” I looked, and there before me was a white cloud, and seated on the cloud was one like a son of man with a crown of gold on his head and a sharp sickle in his hand. Then another angel came out of the temple and called in a loud voice to him who was sitting on the cloud, “Take your sickle and reap, because the time to reap has come, for the harvest of the earth is ripe.” So he who was seated on the cloud swung his sickle over the earth, and the earth was harvested. Another angel came out of the temple in heaven, and he too had a sharp sickle. Still another angel, who had charge of the fire, came from the altar and called in a loud voice to him who had the sharp sickle, “Take your sharp sickle and gather the clusters of grapes from the earth’s vine, because its grapes are ripe.” The angel swung his sickle on the earth, gathered its grapes and threw them into the great winepress of God’s wrath. They were trampled in the winepress outside the city, and blood flowed out of the press, rising as high as the horses’ bridles for a distance of 1,600 stadia.

Revelasyon 14:1-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Alors je vis l’Agneau qui se tenait debout sur le mont Sion, et avec lui, les cent quarante-quatre mille qui portent son nom et le nom de son Père inscrits sur leur front. J’entendis une voix qui venait du ciel et qui résonnait comme de grandes eaux, comme le grondement d’un coup de tonnerre violent. C’était comme le son d’un orchestre de harpistes jouant de leurs instruments. Tous ces gens chantaient un cantique nouveau devant le trône, devant les quatre êtres vivants, et devant les représentants du peuple de Dieu. Et ce cantique, personne ne pouvait l’apprendre excepté les cent quarante-quatre mille, les rachetés de la terre. Ce sont ceux qui ne se sont pas souillés avec des femmes, ils sont restés vierges. Ils suivent l’Agneau partout où il va. Ils ont été rachetés d’entre les hommes pour être offerts comme des premiers fruits à Dieu et à l’Agneau. Il ne s’est pas trouvé de mensonge dans leur bouche. Ils sont irréprochables. Ensuite je vis un autre ange volant au zénith. Il avait un Evangile éternel à annoncer à tous les habitants de la terre, à toute nation, toute tribu, toute langue et tout peuple. Il criait d’une voix forte : Craignez Dieu et donnez-lui gloire, car l’heure a sonné où il va rendre son jugement. Adorez donc celui qui a fait le ciel, la terre, la mer et les sources. Un second ange le suivit, disant : Elle est tombée, la grande Babylone est tombée, celle qui a fait boire à tous les peuples le vin de sa furieuse prostitution. Un troisième ange les suivit, proclamant d’une voix forte : Celui qui adore la bête et son image et qui accepte de recevoir sa marque sur le front et sur la main, devra aussi boire du vin de la fureur de Dieu. Ce vin lui sera versé pur dans la coupe de la colère divine, et il souffrira des tourments dans le feu et le soufre devant les saints anges et devant l’Agneau. La fumée de leur tourment s’élèvera à perpétuité. Quiconque adore la bête et son image, quiconque accepte la marque de son nom ne connaîtra aucun repos, ni de jour, ni de nuit. C’est là que les membres du peuple saint, ceux qui obéissent aux commandements de Dieu et vivent selon la foi en Jésus, doivent faire preuve d’endurance. Puis j’entendis une voix venant du ciel me dire : Ecris : Heureux, dès à présent, ceux qui meurent unis au Seigneur. Oui, dit l’Esprit, car ils se reposent de toute la peine qu’ils ont prise, et ils seront récompensés pour leurs œuvres. Alors je vis une nuée blanche sur laquelle siégeait quelqu’un qui ressemblait à un fils d’homme. Il avait sur la tête une couronne d’or et tenait à la main une faucille bien tranchante. Puis un autre ange sortit du Temple, criant d’une voix forte à celui qui siégeait sur la nuée : Lance ta faucille et moissonne ! Car l’heure est venue de moissonner et la moisson de la terre est mûre. Celui qui siégeait sur la nuée lança sa faucille sur la terre, et la terre fut moissonnée. Un autre ange sortit du sanctuaire céleste, tenant lui aussi une faucille bien tranchante. Puis un autre ange encore, l’ange préposé au feu, quitta l’autel et cria d’une voix forte à celui qui tenait la faucille tranchante : Lance ta faucille tranchante et vendange les grappes de la vigne de la terre, car ses raisins sont mûrs. L’ange lança sa faucille sur la terre et vendangea la vigne de la terre. Il versa sa récolte dans le grand pressoir de la colère de Dieu. On écrasa les raisins dans le pressoir, hors de la ville. Le sang en sortit si abondamment qu’il atteignit la hauteur du mors des chevaux sur une étendue de mille six cents stades.