Rev 14

14
Pèp Bondye a ap chante yon chan nouvo
1Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an, li te kanpe sou Mòn Siyon an.#14:1 Mòn Siyon an Se yon lòt non pou di Jerizalèm. Nan kontèks sa a, li gen yon sans espesyal, li vle di lavil kote Bondye ap viv ak pèp li a. Te gen 144,000 moun avèk li. Yo tout te gen non l ak non papa l ekri sou fon yo.
2Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe. 3Pèp la t ap chante yon chan nouvo devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ansanm ak granmoun yo. Moun ki te ka aprann chan nouvo sa a se 144,000 moun sa yo sèlman, moun yo te rachte sou latè yo. Pa gen pyès lòt moun ankò ki te ka aprann li.
4Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an. 5Yo se moun ki pa janm bay manti: yo san fot.
Twa anj yo
6Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. 7Anj lan t ap rele byen fò: “Se pou n gen krentif pou Bondye, ba li glwa, paske lè a rive pou Bondye jije tout nasyon yo. Adore Bondye, li menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”
8Yon dezyèm anj vini apre premye a, li t ap rele byen fò: “Li kraze! Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan! Li te fè tout nasyon yo bwè nan diven peche seksyèl sovaj li a.”
9Yon twazyèm zanj parèt apre de premye yo. Li di byen fò: “Si yon moun adore bèt la ak estati zidòl li a, si yon moun resevwa mak li sou fon l oubyen sou men l, 10li menm tou l ap bwè nan gode diven san melanj kòlè Bondye a. Moun kon sa va soufri anpil nan toumant dife, devan anj ki apa pou Bondye yo ak devan Ti Mouton an tou! 11Dife k ap toumante yo a ap bay yon lafimen pou tout tan gen tan. P ap gen okenn repo, lajounen kou lannuit, pou moun sa yo ki adore bèt la ak zidòl li a oubyen ki te pote mak non bèt la.” 12Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.
13Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.”
Latè mwasonnen
14M gade ankò. Te gen yon nyaj blan. Yon siy ki sanble ak yon moun te chita sou nyaj la. Li pote yon kouwòn an n ò sou tèt li. Nan men li, li gen yon manchèt byen file. 15Lè sa a, yon lòt anj soti nan tanp lan, li pale avèk fòs, ak moun ki te chita sou nyaj la: “Pran manchèt ou, ranmase rekòt la, paske lè a rive pou rekòlte, paske rekòt latè a pare.” 16Lè sa a, moun ki te nan mitan nyaj la pase manchèt la sou latè, yo te ranmase rekòt la.
17Apre sa, yon lòt anj soti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon manchèt byen file. 18Se lè sa a, yon lòt anj, anj ki gen pouvwa sou dife a, li te soti kote lotèl la ye a. Li pale byen fò ak anj ki te gen manchèt byen file nan men l lan: “Voye manchèt byen file w la, rekòlte grap rezen ki sou latè yo, paske rezen yo pare.” 19Anj lan voye manchèt li sou latè, li ranmase grap rezen sou latè yo epi li jete yo tout nan gwo basen kòlè Bondye a. 20Yo te kraze rezen yo nan basen andeyò lavil la. San te koule sou yon distans 300 kilomèt#14:20 300 kilomèt Literalman, “1,600 estadya” yon ti kras pipiti pase 300 kilomèt. epi monte rive jis nan fè ki bride cheval yo.

Chwazi Kounye ya:

Rev 14: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte