Filipyen 1:12-17
Filipyen 1:12-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Frè m yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m lan, yo pi fè travay predikasyon bòn nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay. Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m nan prizon. Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Senyè a. Sa ba yo plis kouray kounyeya pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen. Gen ladan yo k'ap preche Kris la paske yo gen jalouzi nan kè yo. Gen lòt menm, se pou fè moun konkirans. Men gen lòt tou k'ap preche ak bon santiman. Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l, paske yo konnen se Bondye menm ki ban m travay sa a pou m ka defann bòn nouvèl la. Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l pou chache m kont. Yo konprann yo ka fè m lapenn antan m nan prizon an.
Filipyen 1:12-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Frères et sœurs chrétiens, je veux vous dire une chose : en réalité, ce qui m’est arrivé a servi à faire avancer la Bonne Nouvelle. En effet, tous les fonctionnaires du gouverneur et tous les autres savent maintenant que je suis en prison parce que je sers le Christ. Presque tous les chrétiens, en voyant que je suis en prison, ont une plus grande confiance dans le Seigneur. Alors ils ont deux fois plus de courage pour annoncer sans peur la parole de Dieu. Certains annoncent le Christ avec un cœur bon, ils le font par amour. Ils savent que je suis en prison pour défendre la Bonne Nouvelle. Mais d’autres le font par jalousie. Ils veulent s’opposer à moi et ils annoncent le Christ pour passer les premiers. Leurs raisons sont malhonnêtes, et de cette façon, ils pensent rendre plus dure ma vie en prison.
Filipyen 1:12-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè m ak sè m yo, m ta renmen nou konnen byen sa k rive m yo fè Levanjil la avanse. Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon. Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent. Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa. Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la. Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an.
Filipyen 1:12-17 New International Version (NIV)
Now I want you to know, brothers and sisters, that what has happened to me has actually served to advance the gospel. As a result, it has become clear throughout the whole palace guard and to everyone else that I am in chains for Christ. And because of my chains, most of the brothers and sisters have become confident in the Lord and dare all the more to proclaim the gospel without fear. It is true that some preach Christ out of envy and rivalry, but others out of goodwill. The latter do so out of love, knowing that I am put here for the defense of the gospel. The former preach Christ out of selfish ambition, not sincerely, supposing that they can stir up trouble for me while I am in chains.
Filipyen 1:12-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je tiens à ce que vous le sachiez, frères et sœurs : ce qui m’est arrivé a plutôt servi la cause de l’Evangile. En effet, toute la garde prétorienne et tous les autres savent que c’est parce que je sers Christ que je suis en prison. De plus, mon emprisonnement a encouragé la plupart des frères et sœurs à faire confiance au Seigneur ; aussi redoublent-ils d’audace pour annoncer sans crainte la Parole de Dieu. Quelques-uns, il est vrai, sont poussés par la jalousie et par un esprit de rivalité. Mais d’autres annoncent Christ dans un bon esprit. Ces derniers agissent par amour. Ils savent que si je suis ici, c’est pour défendre l’Evangile. Quant aux premiers, ils annoncent Christ dans un esprit de rivalité, avec des motifs qui ne sont pas innocents : ils veulent rendre ma captivité encore plus pénible.