Frè m ak sè m yo, m ta renmen nou konnen byen sa k rive m yo fè Levanjil la avanse. Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon. Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent. Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa. Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la. Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an.
Li Fil 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 1:12-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo