Mak 9:14-27

Mak 9:14-27 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo. Lè foul moun yo wè Jezi, sezisman pran yo, yo tout kouri vin di l bonjou. Li mande disip li yo: — Sa n'ap diskite konsa? Yon nonm nan foul moun yo reponn li: — Mèt, mwen te mennen ti gason m lan ba ou. Li anba yon move lespri ki rann li bèbè. Nenpòt ki kote lespri a pran l, li fese l atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l, epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pat kapab. Jezi di yo: — Ala jenerasyon san konfyans! Jouk konbe tan nou konprann m'ap rete nan mitan nou ankò? Jouk konbe tan pou mwen sipòte nou ankò? Mennen tibway la ban mwen non. Yo mennen l ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. Jezi mande papa a: — Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: — Depi li tou piti wi. Anpil fwa menm, move lespri a jete l nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou! Jezi di li: — Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. Menm lè a, papa tibway la di byen fò: — Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou. Lè Jezi wè foul la ap kouri vini, li pale byen sevè ak movèzespri a, li di li: — Lespri bèbè, lespri soudè, mwen kòmande ou: Soti sou tibway la touswit, pa janm tounen sou li ankò. Move lespri a souke tibway la byen souke. Li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Ti gason an te rete tankou si l te mouri atè a, kifè anpil moun te gentan ap di: — Li mouri wi. Men Jezi pran men l, li fè l leve. Lamenm, ti gason an kanpe.

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:14-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand ils arrivent auprès des autres disciples, ils voient une grande foule autour d’eux. Des maîtres de la loi sont en train de discuter avec eux. En voyant Jésus, la foule est très étonnée. Tout de suite, les gens courent vers lui pour le saluer. Jésus demande à ses disciples : « De quoi est-ce que vous discutez avec eux ? » Quelqu’un dans la foule lui répond : « Maître, je t’ai amené mon fils. Il a en lui un esprit mauvais qui l’empêche de parler. Cet esprit peut le prendre n’importe où. Alors il le jette par terre, l’enfant a de la salive qui sort de sa bouche, il grince des dents, et son corps devient raide. J’ai demandé à tes disciples de chasser cet esprit mauvais, mais ils n’ont pas eu la force de le faire. » Jésus leur dit : « Vous, les gens d’aujourd’hui, vous n’avez pas la foi ! Je vais rester avec vous combien de temps encore ? Je vais vous supporter combien de temps encore ? Amenez-moi l’enfant ! » On lui amène l’enfant. Quand l’esprit mauvais voit Jésus, aussitôt il secoue l’enfant avec force. Celui-ci tombe, il se roule par terre, et de la salive sort de sa bouche. Jésus demande au père : « Cela lui arrive depuis quand ? » Le père répond : « Depuis qu’il est petit. L’esprit l’a souvent poussé dans le feu et dans l’eau, pour le faire mourir. Mais si tu peux faire quelque chose, aie pitié de nous et aide-nous ! » Jésus lui répond : « Pourquoi est-ce que tu dis : “Si tu peux faire quelque chose…” ? Tout est possible pour celui qui croit ! » Aussitôt le père de l’enfant se met à crier : « Je crois ! Mais aide-moi, parce que je n’ai pas assez de foi ! » Jésus voit qu’une foule nombreuse se rassemble. Alors il menace l’esprit mauvais en lui disant : « Esprit qui empêches de parler et d’entendre, sors de cet enfant et ne rentre plus jamais en lui ! C’est un ordre ! » L’esprit pousse des cris, il secoue l’enfant avec force et il sort. L’enfant a l’air d’être mort, et beaucoup de gens disent : « Il est mort. » Mais Jésus le prend par la main, il l’aide à se lever, et l’enfant se met debout.

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:14-27 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè yo desann al jwenn lòt disip yo, yo wè yon foul moun ak direktè Lalwa ki t ap diskite ant yo. Lè foul la wè Jezi yo te sezi anpil epi yo te kouri vin salye l. Jezi di yo: “Sou kisa n ap diskite la ak direktè Lalwa yo?” Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale. Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.” Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!” Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li. Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti. Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.” Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.” Menm kote a, papa a di byen fò: “Mwen kwè, ede m pou m kwè pi plis.” Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!” Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.” Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:14-27 New International Version (NIV)

When they came to the other disciples, they saw a large crowd around them and the teachers of the law arguing with them. As soon as all the people saw Jesus, they were overwhelmed with wonder and ran to greet him. “What are you arguing with them about?” he asked. A man in the crowd answered, “Teacher, I brought you my son, who is possessed by a spirit that has robbed him of speech. Whenever it seizes him, it throws him to the ground. He foams at the mouth, gnashes his teeth and becomes rigid. I asked your disciples to drive out the spirit, but they could not.” “You unbelieving generation,” Jesus replied, “how long shall I stay with you? How long shall I put up with you? Bring the boy to me.” So they brought him. When the spirit saw Jesus, it immediately threw the boy into a convulsion. He fell to the ground and rolled around, foaming at the mouth. Jesus asked the boy’s father, “How long has he been like this?” “From childhood,” he answered. “It has often thrown him into fire or water to kill him. But if you can do anything, take pity on us and help us.” “ ‘If you can’?” said Jesus. “Everything is possible for one who believes.” Immediately the boy’s father exclaimed, “I do believe; help me overcome my unbelief!” When Jesus saw that a crowd was running to the scene, he rebuked the impure spirit. “You deaf and mute spirit,” he said, “I command you, come out of him and never enter him again.” The spirit shrieked, convulsed him violently and came out. The boy looked so much like a corpse that many said, “He’s dead.” But Jesus took him by the hand and lifted him to his feet, and he stood up.

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:14-27 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Lorsqu’ils revinrent vers les disciples, ils virent une grande foule qui les entourait et des spécialistes de la Loi qui discutaient avec eux. Dès que tous ces gens aperçurent Jésus, ils furent très surpris et se précipitèrent à sa rencontre pour le saluer. – De quoi discutez-vous avec eux ? leur demanda-t-il. De la foule, quelqu’un lui répondit : Maître, je t’ai amené mon fils car il est sous l’emprise d’un esprit qui le rend muet. Partout où cet esprit s’empare de lui, il le jette par terre, de l’écume sort de la bouche de l’enfant, qui grince des dents ; puis il devient tout raide. J’ai demandé à tes disciples de chasser ce mauvais esprit, mais ils n’ont pas pu le faire. Jésus s’adressa à eux et leur dit : Gens incrédules ! Jusqu’à quand devrai-je encore rester avec vous ? Jusqu’à quand devrai-je vous supporter ? Amenez-moi l’enfant ! On le lui amena. Mais, dès qu’il vit Jésus, l’esprit mauvais agita convulsivement l’enfant et le jeta par terre. Celui-ci se roula sur le sol, de l’écume à la bouche. – Depuis combien de temps cela lui arrive-t-il ? demanda Jésus à son père. – Depuis qu’il est tout petit. Souvent même, l’esprit mauvais le pousse à se jeter dans le feu ou dans l’eau pour le faire mourir. Si tu peux faire quelque chose, aie pitié de nous et viens à notre aide ! – Si tu peux ! répliqua Jésus. Tout est possible à celui qui croit. Aussitôt le père de l’enfant s’écria : Je crois, mais aide-moi, car je manque de foi ! Jésus, voyant la foule affluer, commanda avec sévérité à l’esprit mauvais : Esprit qui rends sourd et muet, lui dit-il, je te l’ordonne, sors de cet enfant et ne rentre plus jamais en lui ! L’esprit poussa un grand cri, secoua l’enfant avec violence et sortit de lui. L’enfant resta comme mort, si bien que la plupart des témoins disaient : « Il est mort. » Mais Jésus, prenant l’enfant par la main, le fit lever, et celui-ci se tint debout.

Pataje
Li Mak 9

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an