Mak 9:14-27

Mak 9:14-27 VKF

Lè yo desann al jwenn lòt disip yo, yo wè yon foul moun ak direktè Lalwa ki t ap diskite ant yo. Lè foul la wè Jezi yo te sezi anpil epi yo te kouri vin salye l. Jezi di yo: “Sou kisa n ap diskite la ak direktè Lalwa yo?” Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale. Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.” Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!” Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li. Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti. Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.” Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.” Menm kote a, papa a di byen fò: “Mwen kwè, ede m pou m kwè pi plis.” Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!” Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.” Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.

Li Mak 9

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an