Mak 6:7-16
Mak 6:7-16 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri. Li pase yo lòd sa a: — Pa pran anyen pou vwayaj la, esèpte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou. Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou. Epi li di yo ankò: — Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati. Men si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, vire do ale fè wout nou. Souke pousyè nan pye nou pou sa sèvi yo avètisman. Douz disip yo pati. Y'al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye. Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo. Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l toupatou. Gen moun ki t'ap di: — Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo. Gen lòt ki t'ap di tou: — Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: — Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo. Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: — Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò.
Mak 6:7-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Il appelle les douze apôtres et il se met à les envoyer deux par deux. Il leur donne pouvoir sur les esprits mauvais. Voici ce qu’il leur commande : « Pour la route, ne prenez rien avec vous, sauf un bâton : pas de pain, pas de sac, pas d’argent dans votre poche. Mettez des sandales, mais emportez un seul vêtement. » Jésus leur dit encore : « Quand on vous recevra dans une maison, restez-y jusqu’au moment où vous quitterez l’endroit. Quand les gens ne voudront pas vous accueillir quelque part, quand ils ne voudront pas vous écouter, partez en secouant la poussière de vos pieds . De cette façon, vous leur montrerez qu’ils ont mal agi. » Les disciples partent et ils demandent aux gens : « Changez votre vie ! » Ils chassent beaucoup d’esprits mauvais, et ils guérissent beaucoup de malades, en versant de l’huile sur eux. Le roi Hérode Antipas entend parler de Jésus, parce qu’il est devenu célèbre. Les uns disent : « C’est Jean-Baptiste qui s’est réveillé de la mort ! Voilà pourquoi il a le pouvoir de faire des miracles. » D’autres disent : « C’est un prophète, comme un des prophètes d’autrefois. » Quand Hérode entend cela, il dit : « C’est Jean-Baptiste ! Je lui ai fait couper la tête, mais il s’est réveillé de la mort ! »
Mak 6:7-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.” Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo. Wa Ewòd tande tout bagay sa yo paske Jezi te vin popilè anpil. Te gen kèk moun ki t ap di: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.” Gen lòt moun ki t ap di: “Se Eli.” Lòt moun toujou t ap di: “Li se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt lontan yo.” Men lè Ewòd tande sa, li di: “Janbatis, nonm mwen te fè koupe tèt li a resisite.”
Mak 6:7-16 New International Version (NIV)
Calling the Twelve to him, he began to send them out two by two and gave them authority over impure spirits. These were his instructions: “Take nothing for the journey except a staff—no bread, no bag, no money in your belts. Wear sandals but not an extra shirt. Whenever you enter a house, stay there until you leave that town. And if any place will not welcome you or listen to you, leave that place and shake the dust off your feet as a testimony against them.” They went out and preached that people should repent. They drove out many demons and anointed many sick people with oil and healed them. King Herod heard about this, for Jesus’ name had become well known. Some were saying, “John the Baptist has been raised from the dead, and that is why miraculous powers are at work in him.” Others said, “He is Elijah.” And still others claimed, “He is a prophet, like one of the prophets of long ago.” But when Herod heard this, he said, “John, whom I beheaded, has been raised from the dead!”
Mak 6:7-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Il appela les Douze et les envoya en mission deux par deux, en leur donnant autorité sur les esprits mauvais. Il leur recommanda de ne rien emporter pour la route, sauf un bâton. Il leur dit : Ne prenez ni provisions ni sac, ni argent dans votre ceinture. Mettez des sandales à vos pieds et n’emportez pas de tunique de rechange. Dans la maison où vous entrerez, restez jusqu’à votre départ. Et si, dans une ville, on ne veut ni vous recevoir ni vous écouter, partez de là en secouant la poussière de vos sandales: cela constituera un témoignage contre eux. Ils partirent donc et proclamèrent qu’il fallait changer profondément. Ils chassaient aussi beaucoup de démons et guérissaient de nombreux malades en les oignant d’huile. Le roi Hérode entendit parler de Jésus, car sa réputation se répandait partout. On disait de Jésus : C’est Jean-Baptiste qui est ressuscité ! C’est pour cela qu’il détient le pouvoir de faire des miracles. D’autres disaient : C’est Elie. D’autres encore : C’est un prophète comme il y en avait autrefois. De son côté, Hérode, qui entendait tout cela, se disait : C’est celui que j’ai fait décapiter, c’est Jean, et il est ressuscité !