Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.” Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo. Wa Ewòd tande tout bagay sa yo paske Jezi te vin popilè anpil. Te gen kèk moun ki t ap di: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.” Gen lòt moun ki t ap di: “Se Eli.” Lòt moun toujou t ap di: “Li se yon pwofèt tankou youn nan pwofèt lontan yo.” Men lè Ewòd tande sa, li di: “Janbatis, nonm mwen te fè koupe tèt li a resisite.”
Li Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:7-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo