Mak 5:35-43
Mak 5:35-43 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje sòti kay chèf sinagòg la vin di li: — Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa. Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: — Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen. Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pat pèmèt lòt moun swiv li. Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye. Lòt menm t'ap plede rele. Li antre nan kay la, li di yo konsa: — Men poukisa tout bri sa a? Poukisa tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo tonbe pase l nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout sòti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. Li pran men li epi li di li: — Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve. Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa. Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo: — Bay ti fi a manje.
Mak 5:35-43 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pendant que Jésus dit cela, des gens arrivent de la maison de Jaïrus et ils disent à celui-ci : « Ta fille est morte, ne dérange plus le maître. » Mais Jésus a entendu ces mots et il dit au chef de la maison de prière : « N’aie pas peur, crois seulement ! » Il ne permet à personne de l’accompagner, sauf à Pierre, Jacques et Jean, le frère de Jacques. Ils arrivent à la maison de Jaïrus. Là, il y a beaucoup de bruit. Jésus voit que les gens pleurent et poussent de grands cris. Il entre dans la maison et leur dit : « Pourquoi faites-vous tout ce bruit ? Et pourquoi est-ce que vous pleurez ? La petite fille n’est pas morte, mais elle dort. » Les gens se moquent de lui. Alors Jésus fait sortir tout le monde, il prend avec lui le père et la mère de l’enfant et ses trois disciples. Il entre dans la pièce où la petite fille se trouve. Il la prend par la main et lui dit : « Talita koum ! » Cela veut dire : « Petite fille, je te le dis, lève-toi ! » La petite fille se lève tout de suite et elle se met à marcher. Elle a douze ans. Ceux qui sont là sont très étonnés, mais Jésus leur demande avec force : « Ne dites rien à personne. » Ensuite il leur dit : « Donnez-lui quelque chose à manger. »
Mak 5:35-43 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.” Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.” Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Moun ki te la yo pete ri Jezi. Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. Jezi pran men timoun nan epi li di li: “ Talita koum ” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.
Mak 5:35-43 New International Version (NIV)
While Jesus was still speaking, some people came from the house of Jairus, the synagogue leader. “Your daughter is dead,” they said. “Why bother the teacher anymore?” Overhearing what they said, Jesus told him, “Don’t be afraid; just believe.” He did not let anyone follow him except Peter, James and John the brother of James. When they came to the home of the synagogue leader, Jesus saw a commotion, with people crying and wailing loudly. He went in and said to them, “Why all this commotion and wailing? The child is not dead but asleep.” But they laughed at him. After he put them all out, he took the child’s father and mother and the disciples who were with him, and went in where the child was. He took her by the hand and said to her, “Talitha koum!” (which means “Little girl, I say to you, get up!”). Immediately the girl stood up and began to walk around (she was twelve years old). At this they were completely astonished. He gave strict orders not to let anyone know about this, and told them to give her something to eat.
Mak 5:35-43 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Pendant qu’il parlait encore, quelques personnes arrivèrent de chez le chef de la synagogue pour lui dire : Ta fille est morte. A quoi bon importuner encore le Maître ? Mais Jésus entendit ces paroles. Il dit au chef de la synagogue : Ne crains pas. Crois seulement ! Il ne permit à personne de le suivre plus loin, excepté Pierre, Jacques et Jean, son frère. En arrivant à la maison du chef de la synagogue, Jésus vit une grande agitation : on pleurait et on poussait des cris. Il entra dans la maison et dit : Pourquoi ce tumulte ? Pourquoi ces pleurs ? L’enfant n’est pas morte, elle est seulement endormie. Mais on se moqua de lui. Alors il fit sortir tout le monde, prit avec lui le père et la mère de l’enfant ainsi que les disciples qui l’accompagnaient, et il entra dans la pièce où l’enfant était couchée. Il lui prit la main en disant : Talitha koumi , ce qui signifie : Jeune fille, lève-toi, je te l’ordonne. Aussitôt, la jeune fille se mit debout et marcha. Elle avait environ douze ans. Tous furent frappés de stupeur. Jésus leur recommanda instamment de ne raconter ce miracle à personne et il leur dit de donner à manger à la jeune fille.