Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.” Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.” Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Moun ki te la yo pete ri Jezi. Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. Jezi pran men timoun nan epi li di li: “ Talita koum ” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.
Li Mak 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 5:35-43
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo