Mak 2:18-22
Mak 2:18-22 1998 Haïtienne (HAT98)
Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: — Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn? Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje. — Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou. Pesonn p'ap mete diven fèk fèt pou bouche l' nan vye boutèy. Si ou fè sa, diven an va pete vye boutèy yo epi w'ap pèdi ni diven an ni boutèy yo. Men diven fèk fèt dwe bouche nan boutèy nèf.
Mak 2:18-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Un jour, les disciples de Jean-Baptiste et les Pharisiens sont en train de jeûner. Des gens viennent dire à Jésus : « Les disciples de Jean et les disciples des Pharisiens sont en train de jeûner, mais tes disciples à toi ne jeûnent pas. Pourquoi donc ? » Jésus leur répond : « Est-ce que les invités à un mariage peuvent jeûner quand le marié est avec eux ? Pendant tout le temps où le marié est avec eux, les invités mangent et boivent. Mais le moment va venir où on leur enlèvera le marié. Alors, ce jour-là, ils jeûneront. « Personne ne coud un morceau de tissu neuf sur un vieux vêtement. Sinon, le morceau neuf arrache une partie du vieux vêtement, et le trou dans le vieux vêtement est encore plus grand ! Personne ne met du vin nouveau dans de vieilles outres. Sinon, le vin fait éclater les outres, et on perd à la fois le vin et les outres. Au contraire, il faut mettre le vin nouveau dans des outres neuves. »
Mak 2:18-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Disip Janbatis yo ak Farizyen yo t ap jene. Kèk moun vin di Jezi: “Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo jene, epi disip pa w yo pa jene?” Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Yo pa ka ap jene pandan misye marye a la toujou avèk yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene. Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”
Mak 2:18-22 New International Version (NIV)
Now John’s disciples and the Pharisees were fasting. Some people came and asked Jesus, “How is it that John’s disciples and the disciples of the Pharisees are fasting, but yours are not?” Jesus answered, “How can the guests of the bridegroom fast while he is with them? They cannot, so long as they have him with them. But the time will come when the bridegroom will be taken from them, and on that day they will fast. “No one sews a patch of unshrunk cloth on an old garment. Otherwise, the new piece will pull away from the old, making the tear worse. And no one pours new wine into old wineskins. Otherwise, the wine will burst the skins, and both the wine and the wineskins will be ruined. No, they pour new wine into new wineskins.”
Mak 2:18-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Un jour que les disciples de Jean et les pharisiens étaient en train de jeûner, ils vinrent trouver Jésus et lui demandèrent : Comment se fait-il que tes disciples ne jeûnent pas, alors que les disciples de Jean et les pharisiens le font ? Jésus leur répondit : Comment les invités d’une noce pourraient-ils jeûner pendant que le marié est avec eux ? Aussi longtemps que le marié se trouve parmi eux, ils ne peuvent pas jeûner ! Le temps viendra où il leur sera enlevé. Alors, ce jour-là, ils jeûneront. Personne ne raccommode un vieux vêtement avec un morceau d’étoffe neuve. Sinon, la pièce rapportée tire sur la vieille étoffe et en arrache une partie. Finalement, la déchirure est pire qu’avant. De même, personne ne verse du vin nouveau dans de vieilles outres, sinon le vin nouveau les fait éclater, et voilà le vin perdu, et les outres aussi. A vin nouveau, outres neuves !