Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: — Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn? Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje. — Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou. Pesonn p'ap mete diven fèk fèt pou bouche l' nan vye boutèy. Si ou fè sa, diven an va pete vye boutèy yo epi w'ap pèdi ni diven an ni boutèy yo. Men diven fèk fèt dwe bouche nan boutèy nèf.
Li Mak 2
Koute Mak 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 2:18-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo