Mak 11:1-33

Mak 11:1-33 1998 Haïtienne (HAT98)

Yo te vanse rive Jerizalèm, bò bouk Bètfaje ak Betani. Yo te rive mòn Olivye. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo. Li di yo: — Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pèsonn poko janm moute sou li. Lage l, mennen l ban mwen. Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt li ki bezwen li. Epi l'a voye ti bourik la retounen touswit. Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li. Kèk moun ki te la di yo konsa: — Sa n'ap fè la a? Poukisa n'ap lage ti bourik la? Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale. Yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo pran rad sèvi panno mete sou do li, epi Jezi moute li. Anpil moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa, yo tann yo atè nan chemen an tou. Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele byen fò: — Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! Jezi antre lavil Jerizalèm. Lale nan tanp lan. Li voye je l sou tout bagay. Apre sa, l'ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta. Nan denmen, antan yo t'ap sòti Betani, Jezi te grangou. Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. L'al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l, se fèy ase li jwenn, paske se pat sezon fig frans. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: — Pèsonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l te di a. Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pat pèmèt pèsonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: — Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò. Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l. Paske yo te vin pè l, lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo. Lè solèy fin kouche, Jezi sòti kite lavil la ansanm ak disip li yo. Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasin. Pyè vin chonje sa k te pase. Li di Jezi konsa: — Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi. Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: — Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l pa gen doutans nan kè l menm, si l gen fèm konviksyon sa l di a gen pou rive, l'a wè l rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre. Lè nou kanpe pou n lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. [ Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.] Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li. Yo di l konsa: — Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo? Jezi reponn yo: — Mwen pral poze nou yon sèl kèsyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non. Men, yonn t'ap di lòt konsa: — Si nou reponn: Se Bondye ki voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè li. Epi si nou reponn se moun ki voye li...! Yo te pè reyaksyon pèp la. Paske tout moun yo te pran Janbatis pou yon pwofèt tout bon Lè sa a yo reponn Jezi: — Nou pa konnen. Jezi di yo: — Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:1-33 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus et ses disciples approchent de Jérusalem. Ils sont près de Bethfagé et de Béthanie, vers le mont des Oliviers. Jésus envoie deux disciples en leur disant : « Allez dans le village qui est devant vous. Là, vous verrez tout de suite un petit âne attaché avec une corde. Personne ne s’est encore assis sur lui. Détachez-le, et amenez-le ici. Quelqu’un va peut-être vous demander : “Pourquoi est-ce que vous faites cela ?” Vous répondrez : “Le Seigneur en a besoin, mais il va le renvoyer ici tout de suite.” » Les disciples partent. Ils trouvent un petit âne dehors, dans la rue, attaché à la porte d’une maison. Ils le détachent. Des gens sont là. Quelques-uns leur demandent : « Qu’est-ce que vous faites ? Pourquoi est-ce que vous détachez ce petit âne ? » Les disciples répondent ce que Jésus a dit, et on les laisse partir. Les disciples amènent le petit âne auprès de Jésus. Ils mettent leurs vêtements sur l’âne, et Jésus s’assoit dessus. Beaucoup de gens étendent leurs vêtements sur le chemin. D’autres y mettent des branches vertes qu’ils ont coupées dans les champs. Ceux qui marchent devant Jésus et ceux qui le suivent crient : « Gloire à Dieu ! Que Dieu bénisse celui qui vient en son nom ! Que Dieu bénisse le Royaume qui vient, le royaume de David notre ancêtre ! Gloire à Dieu au plus haut des cieux ! » Jésus arrive à Jérusalem et il entre dans le temple. Après qu’il a tout regardé autour de lui, il part pour Béthanie avec les douze apôtres. En effet, c’est déjà le soir. Le jour suivant, ils sortent de Béthanie. Jésus a faim. Il voit de loin un figuier avec des feuilles et il s’approche pour chercher des fruits. Mais, quand il est près de l’arbre, il ne trouve que des feuilles. En effet, ce n’est pas la saison des figues. Alors Jésus dit au figuier : « Personne ne mangera plus jamais de tes fruits ! » Et ses disciples entendent cela. Ils arrivent à Jérusalem. Jésus entre dans le temple. Il se met à chasser ceux qui vendent et ceux qui achètent dans le temple. Il renverse les tables de ceux qui changent de l’argent , il renverse aussi les chaises des marchands de colombes. Et il ne laisse personne transporter des objets à travers le temple. Ensuite, il enseigne ceci aux gens : « Dans les Livres Saints, Dieu a dit : “On appellera ma maison : Maison de prière pour tous les peuples.” » Et Jésus ajoute : « Mais vous, vous en avez fait un abri pour les voleurs ! » Les chefs des prêtres et les maîtres de la loi apprennent ce qui se passe. Ils cherchent comment faire mourir Jésus. En effet, ils ont peur de lui parce que toute la foule admire son enseignement. Quand le soir arrive, Jésus et ses disciples sortent de la ville. Le matin suivant, en passant le long du chemin, ils voient le figuier. Il est complètement sec jusqu’aux racines. Pierre se souvient de ce qui s’est passé et il dit à Jésus : « Maître, regarde ! Tu as jeté une malédiction au figuier, il est devenu tout sec ! » Alors Jésus dit à ses disciples : « Croyez en Dieu. Supposons ceci : quelqu’un dit à cette montagne : “Va-t’en et jette-toi dans la mer !” Je vous le dis, c’est la vérité, si cette personne n’hésite pas dans son cœur, mais si elle croit que sa parole va se réaliser, alors Dieu la réalisera. C’est pourquoi je vous le dis : quand vous priez pour demander quelque chose, croyez que vous l’avez reçu, et Dieu vous le donnera. Et quand vous êtes debout pour prier, pardonnez à ceux qui vous ont fait du mal. Alors votre Père qui est dans les cieux vous pardonnera aussi vos fautes. [] » De nouveau, Jésus et ses disciples entrent dans Jérusalem. Pendant que Jésus marche dans le temple, les chefs des prêtres, les maîtres de la loi et les anciens s’approchent de lui. Ils lui demandent : « De quel droit est-ce que tu fais ces choses ? Qui t’a donné le pouvoir de les faire ? » Jésus leur dit : « Je vais vous poser une seule question, répondez-moi. Ensuite, je vous dirai de quel droit je fais ces choses. Qui a envoyé Jean baptiser ? Est-ce que c’est Dieu ou les hommes ? » Ils discutent entre eux et se disent : « Si nous répondons : “C’est Dieu”, Jésus va nous dire : “Vous n’avez pas cru ce que Jean disait. Pourquoi donc ?” Mais si nous répondons : “Ce sont les hommes”, alors… » Ils ont peur de la foule. En effet, tout le monde pense que Jean était vraiment un prophète. C’est pourquoi ils répondent à Jésus : « Nous ne savons pas. » Et Jésus leur dit : « Moi non plus, je ne vous dis pas de quel droit je fais ces choses. »

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:1-33 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.” Disip yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò wout la toupre yon pòtay. Yo lage li. Kèk moun ki te kanpe la di yo: “Kisa n ap fè konsa, poukisa n ap lage bourik la?” Yo reponn yo jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale. Yo mennen bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do li epi Jezi monte l. Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Sovè a! Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a! Viv wayòm k ap vini an, wayòm papa nou David. Lwanj pou Bondye ki nan syèl la.” Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo. Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou. Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a. Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m? Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.” Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la. Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.” Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?” Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.) Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.” Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:1-33 New International Version (NIV)

As they approached Jerusalem and came to Bethphage and Bethany at the Mount of Olives, Jesus sent two of his disciples, saying to them, “Go to the village ahead of you, and just as you enter it, you will find a colt tied there, which no one has ever ridden. Untie it and bring it here. If anyone asks you, ‘Why are you doing this?’ say, ‘The Lord needs it and will send it back here shortly.’ ” They went and found a colt outside in the street, tied at a doorway. As they untied it, some people standing there asked, “What are you doing, untying that colt?” They answered as Jesus had told them to, and the people let them go. When they brought the colt to Jesus and threw their cloaks over it, he sat on it. Many people spread their cloaks on the road, while others spread branches they had cut in the fields. Those who went ahead and those who followed shouted, “Hosanna!” “Blessed is he who comes in the name of the Lord!” “Blessed is the coming kingdom of our father David!” “Hosanna in the highest heaven!” Jesus entered Jerusalem and went into the temple courts. He looked around at everything, but since it was already late, he went out to Bethany with the Twelve. The next day as they were leaving Bethany, Jesus was hungry. Seeing in the distance a fig tree in leaf, he went to find out if it had any fruit. When he reached it, he found nothing but leaves, because it was not the season for figs. Then he said to the tree, “May no one ever eat fruit from you again.” And his disciples heard him say it. On reaching Jerusalem, Jesus entered the temple courts and began driving out those who were buying and selling there. He overturned the tables of the money changers and the benches of those selling doves, and would not allow anyone to carry merchandise through the temple courts. And as he taught them, he said, “Is it not written: ‘My house will be called a house of prayer for all nations’? But you have made it ‘a den of robbers.’” The chief priests and the teachers of the law heard this and began looking for a way to kill him, for they feared him, because the whole crowd was amazed at his teaching. When evening came, Jesus and his disciples went out of the city. In the morning, as they went along, they saw the fig tree withered from the roots. Peter remembered and said to Jesus, “Rabbi, look! The fig tree you cursed has withered!” “Have faith in God,” Jesus answered. “Truly I tell you, if anyone says to this mountain, ‘Go, throw yourself into the sea,’ and does not doubt in their heart but believes that what they say will happen, it will be done for them. Therefore I tell you, whatever you ask for in prayer, believe that you have received it, and it will be yours. And when you stand praying, if you hold anything against anyone, forgive them, so that your Father in heaven may forgive you your sins.” They arrived again in Jerusalem, and while Jesus was walking in the temple courts, the chief priests, the teachers of the law and the elders came to him. “By what authority are you doing these things?” they asked. “And who gave you authority to do this?” Jesus replied, “I will ask you one question. Answer me, and I will tell you by what authority I am doing these things. John’s baptism—was it from heaven, or of human origin? Tell me!” They discussed it among themselves and said, “If we say, ‘From heaven,’ he will ask, ‘Then why didn’t you believe him?’ But if we say, ‘Of human origin’ …” (They feared the people, for everyone held that John really was a prophet.) So they answered Jesus, “We don’t know.” Jesus said, “Neither will I tell you by what authority I am doing these things.”

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:1-33 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Alors qu’ils approchaient de Jérusalem, à la hauteur de Bethphagé et de Béthanie, près du mont des Oliviers, Jésus envoya deux de ses disciples en leur disant : Allez dans le village qui est devant vous. Dès que vous y serez entrés, vous trouverez un ânon attaché que personne n’a encore monté. Détachez-le et amenez-le ici. Si quelqu’un vous demande : « Pourquoi faites-vous cela ? » répondez : « Le Seigneur en a besoin, et il le renverra très bientôt. » Ils partirent donc, trouvèrent un ânon attaché dehors, près d’une porte dans la rue, et le détachèrent. Quelques personnes, qui se trouvaient là, leur dirent : Holà ! Qu’est-ce qui vous prend de détacher cet ânon ? Ils répondirent comme Jésus le leur avait ordonné et on les laissa faire. Ils amenèrent l’ânon à Jésus et posèrent leurs manteaux sur son dos, et Jésus s’assit dessus. Beaucoup de gens étendirent leurs manteaux sur le chemin ; d’autres, des branches vertes coupées dans les champs. La foule, de la tête à la fin du cortège, criait : Hosanna ! Béni soit celui qui vient au nom du Seigneur ! Béni soit le royaume qui vient, le royaume de David, notre père ! Hosanna à Dieu au plus haut des cieux ! Une fois entré dans Jérusalem, Jésus se rendit au Temple et y observa attentivement tout ce qui s’y passait. Ensuite, comme il se faisait déjà tard, il quitta la ville avec les Douze pour se rendre à Béthanie. Le lendemain, comme il sortait de Béthanie avec eux, il eut faim. Il aperçut, de loin, un figuier couvert de feuillage. Il se dirigea vers cet arbre pour voir s’il y trouverait quelque fruit. Quand il se fut approché, il n’y trouva que des feuilles, car ce n’était pas la saison des figues. S’adressant alors au figuier, il lui dit : Que plus jamais personne ne mange de fruit venant de toi ! Et ses disciples l’entendirent. Ils arrivèrent à Jérusalem. Jésus entra dans la cour du Temple et se mit à en chasser les marchands qui s’étaient installés dans l’enceinte sacrée ainsi que leurs clients  ; il renversa les comptoirs des changeurs d’argent ainsi que les chaises des marchands de pigeons ; il ne laissa personne transporter des marchandises dans l’enceinte du Temple. Puis, s’adressant à tous, il les enseigna en disant : N’est-il pas écrit : On appellera ma maison une maison de prière pour tous les peuples ? Mais vous, vous en avez fait une caverne de brigands ! Les chefs des prêtres et les spécialistes de la Loi apprirent ce qui s’était passé et ils cherchèrent un moyen de le faire mourir. En effet, ils craignaient son influence, car son enseignement faisait une vive impression sur la foule. Le soir venu, Jésus et ses disciples quittèrent la ville. Le lendemain matin, en passant par là, ils virent le figuier : il avait séché jusqu’aux racines. Pierre, se souvenant de ce qui s’était passé, dit à Jésus : Maître ! regarde le figuier que tu as maudit : il est devenu tout sec ! Jésus répondit : Ayez foi en Dieu. Vraiment, je vous l’assure, si quelqu’un dit à cette colline : « Soulève-toi de là et jette-toi dans la mer », sans douter dans son cœur, mais en croyant que ce qu’il dit va se réaliser, la chose s’accomplira pour lui. C’est pourquoi je vous le déclare : tout ce que vous demandez dans vos prières, croyez que vous l’avez reçu et cela vous sera accordé. Quand vous priez, si vous avez quoi que ce soit contre quelqu’un, pardonnez-lui, pour que votre Père céleste vous pardonne, lui aussi, vos fautes. [Mais si vous ne pardonnez pas, votre Père qui est dans les cieux ne vous pardonnera pas non plus vos fautes.] Ils retournèrent à Jérusalem. Pendant que Jésus marchait dans la cour du Temple, les chefs des prêtres, les spécialistes de la Loi et les responsables du peuple l’abordèrent et lui demandèrent : Par quelle autorité agis-tu ainsi ? Qui t’a donné l’autorité de faire cela ? Jésus leur répondit : J’ai aussi une question à vous poser, une seule. Si vous me répondez, je vous dirai de quel droit je fais cela : De qui Jean tenait-il son mandat pour baptiser ? De Dieu ou des hommes ? Répondez-moi ! Alors ils se mirent à raisonner entre eux : Si nous disons : « De Dieu », il va demander : « Pourquoi alors n’avez-vous pas cru en lui ? » Mais, d’autre part, si nous répondons : « Des hommes », alors ? … Ils craignaient les réactions de la foule, car tout le monde pensait que Jean était un vrai prophète. Ils répondirent donc à Jésus : Nous ne savons pas. Et Jésus répliqua : Alors, moi non plus, je ne vous dirai pas par quelle autorité j’agis comme je le fais.

Pataje
Li Mak 11

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an