Mak 11:1-33

Mak 11:1-33 VKF

Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.” Disip yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò wout la toupre yon pòtay. Yo lage li. Kèk moun ki te kanpe la di yo: “Kisa n ap fè konsa, poukisa n ap lage bourik la?” Yo reponn yo jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale. Yo mennen bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do li epi Jezi monte l. Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Sovè a! Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a! Viv wayòm k ap vini an, wayòm papa nou David. Lwanj pou Bondye ki nan syèl la.” Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo. Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou. Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a. Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m? Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.” Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la. Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.” Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?” Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.) Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.” Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

Li Mak 11