Lik 8:40-48
Lik 8:40-48 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l, paske tout moun t'ap tann li. Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l nan pye Jezi, li mande li: — Tanpri souple, ann al lakay. Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m, mwen kite l prèt pou mouri. Pandan Jezi ta pral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l toupatou. Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l kay dòktè, san yo yonn pat kapab geri li. Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. Jezi mande: — Ki moun ki manyen m lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: — Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. Men, Jezi reponn li: — Mwen di ou gen yon moun ki manyen m, paske mwen santi yon fòs sòti sou mwen. Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l, li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l, ki jan li te geri menm lè a tou. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze.
Lik 8:40-48 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Tout le monde attendait Jésus de l’autre côté du lac. Quand il revient, la foule l’accueille. À ce moment-là, un homme arrive. Il s’appelle Jaïrus. C’est le chef d’une maison de prière. Il se jette aux pieds de Jésus et lui demande de venir dans sa maison. En effet, sa fille unique, qui a douze ans, est mourante. Sur la route Jésus est presque étouffé par la foule. Il y a là une femme qui est malade. Depuis douze ans, elle perd du sang. Elle a dépensé tout son argent chez les médecins, mais personne n’a pu la guérir. Elle arrive derrière Jésus et elle touche le bord de son vêtement. Aussitôt son sang s’arrête de couler. Jésus demande : « Qui m’a touché ? » Tous répondent : « Ce n’est pas nous ! » Pierre dit à Jésus : « Maître, ce sont les gens autour de toi qui te serrent ! » Mais Jésus dit : « Quelqu’un m’a touché. Oui, j’ai senti qu’une force était sortie de moi. » La femme voit qu’elle ne peut pas rester cachée. Alors, en tremblant, elle vient se jeter aux pieds de Jésus. Devant tout le monde, elle raconte pourquoi elle a touché Jésus et comment elle a été guérie tout de suite. Jésus lui dit : « Ta foi t’a sauvée, va en paix ! »
Lik 8:40-48 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè Jezi retounen nan Galile, yon foul moun te kontan resevwa li, paske tout moun t ap tann li. Yon nonm yo rele Jayiris vin devan li. Jayiris se te youn nan chèf sinagòg yo. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li t ap soupriye l pou l al lakay li avè l. Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan kon sa te prèske mouri. Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou. Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè, men yo youn pa t ka geri li. Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe. Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?” Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?” Men Jezi reponn: “Wi m di w gen yon moun ki touche m. Paske mwen santi yon puisans soti sou mwen.” Lè fi ki te touche Jezi a wè li pa ka kache bagay la, li vin lage kò l atè devan Jezi. Pandan l tou ap tranble, li temwanye devan tout pèp la poukisa li te touche Jezi. Epi li di yo li te geri imedyatman. Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze.”
Lik 8:40-48 New International Version (NIV)
Now when Jesus returned, a crowd welcomed him, for they were all expecting him. Then a man named Jairus, a synagogue leader, came and fell at Jesus’ feet, pleading with him to come to his house because his only daughter, a girl of about twelve, was dying. As Jesus was on his way, the crowds almost crushed him. And a woman was there who had been subject to bleeding for twelve years, but no one could heal her. She came up behind him and touched the edge of his cloak, and immediately her bleeding stopped. “Who touched me?” Jesus asked. When they all denied it, Peter said, “Master, the people are crowding and pressing against you.” But Jesus said, “Someone touched me; I know that power has gone out from me.” Then the woman, seeing that she could not go unnoticed, came trembling and fell at his feet. In the presence of all the people, she told why she had touched him and how she had been instantly healed. Then he said to her, “Daughter, your faith has healed you. Go in peace.”
Lik 8:40-48 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
A son retour en Galilée, Jésus fut accueilli par la foule, car tous l’attendaient. A ce moment survint un homme appelé Jaïrus. C’était le responsable de la synagogue. Il se jeta aux pieds de Jésus et le supplia de venir chez lui : sa fille unique, âgée d’environ douze ans, était en train de mourir. Jésus partit donc pour se rendre chez lui. Cependant, la foule se pressait autour de lui. Il y avait là une femme atteinte d’hémorragies depuis douze ans et qui avait dépensé tout son bien chez les médecins sans que personne ait pu la guérir. Elle s’approcha de Jésus par-derrière et toucha la frange de son vêtement. Aussitôt, son hémorragie cessa. – Qui m’a touché ? demanda Jésus. Comme tous s’en défendaient, Pierre lui dit : Voyons, Maître, la foule t’entoure et te presse de tous côtés. Mais il répondit : Quelqu’un m’a touché ; j’ai senti qu’une force sortait de moi. En voyant que son geste n’était pas passé inaperçu, la femme s’avança toute tremblante, se jeta aux pieds de Jésus et expliqua devant tout le monde pour quelle raison elle l’avait touché, et comment elle avait été instantanément guérie. Jésus lui dit : Ma fille, parce que tu as eu foi en moi, tu es guérie, va en paix.