Lik 8:1-3
Lik 8:1-3 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li. Te gen kèk fanm avè l tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li. Te gen Jàn, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen.
Lik 8:1-3 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ensuite, Jésus va dans les villes et les villages. Il annonce partout la Bonne Nouvelle du Royaume de Dieu. Les douze apôtres sont avec lui. Il y a aussi quelques femmes. Avant, elles avaient des esprits mauvais et elles étaient malades, et Jésus les a guéries. Les voici : Marie, appelée Marie de Magdala. Sept esprits mauvais sont sortis d’elle. Jeanne, la femme de Chouza, un des fonctionnaires d’Hérode Antipas, Suzanne et plusieurs autres. Avec leur argent, elles aident Jésus et ses disciples.
Lik 8:1-3 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa, Jezi t ap vwayaje nan tout vil yo ak bouk yo, li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Douz disip li yo te ansanm ak li tou. Te gen yon ekip medam avèk li tou. Se moun ki te gen move lespri sou yo ak lòt kalite maladi, lè te geri yo. Youn ladan yo se te Mari, moun Magdala a, sa Jezi te chase sèt denmon sou li a. Nan pami medam sa yo, te gen Jàn, madanm Kouza. Kouza sa te responsab pou jere byen Wa Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt medam ankò. Tout medam sa yo te konn pran nan pwòp byen yo pou yo fè pwovizyon pou Jezi ak disip li yo.
Lik 8:1-3 New International Version (NIV)
After this, Jesus traveled about from one town and village to another, proclaiming the good news of the kingdom of God. The Twelve were with him, and also some women who had been cured of evil spirits and diseases: Mary (called Magdalene) from whom seven demons had come out; Joanna the wife of Chuza, the manager of Herod’s household; Susanna; and many others. These women were helping to support them out of their own means.
Lik 8:1-3 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quelque temps après, Jésus se rendit dans les villes et les villages pour y proclamer et annoncer la Bonne Nouvelle du royaume de Dieu. Il était accompagné des Douze et de quelques femmes qu’il avait délivrées d’esprits mauvais et guéries de diverses maladies : Marie, appelée Marie de Magdala, dont il avait chassé sept démons, Jeanne, la femme de Chuza, administrateur d’Hérode, Suzanne et plusieurs autres. Elles assistaient Jésus et ses disciples de leurs biens.