Lik 5:18-25
Lik 5:18-25 1998 Haïtienne (HAT98)
Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l antre nan kay la pou mete l devan Jezi. Men akòz foul moun yo, yo pa te jwenn plas pou fè li antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon gwo twou, yo file malad la desann ak tout kabann li nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: — Monchè, tout peche ou yo padonnen. Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: — Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen lòt moun sou latè ki ka padonnen peche, esepte Bondye sèlman. Jezi menm te konnen sa k t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou? Kisa k pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache. Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: — Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Menm lè a, nonm lan kanpe devan tout moun, li ranmase kabann li, li pran wout lakay li pandan li t'ap rele: Beniswa Letènèl, byen fò.
Lik 5:18-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Des hommes arrivent, ils portent sur une natte quelqu’un qui est paralysé. Les hommes cherchent à faire entrer le malade dans la maison et à le placer devant Jésus. Mais ils n’arrivent pas à le faire entrer à cause de la foule. Alors ils montent sur le toit, ils font une ouverture à travers les tuiles, et ils descendent le malade sur sa natte, au milieu de tous, devant Jésus. Quand Jésus voit leur foi, il dit au malade : « Tes péchés te sont pardonnés. » Les maîtres de la loi et les Pharisiens se mettent à penser : « Qui est cet homme ? Il insulte Dieu ! Personne ne peut pardonner les péchés, Dieu seul peut le faire ! » Mais Jésus connaît leurs pensées et il leur dit : « Pourquoi avez-vous ces pensées-là ? Qu’est-ce qui est plus facile ? Dire : “Tes péchés te sont pardonnés” ou dire : “Lève-toi et marche” ? Eh bien, vous devez savoir ceci : le Fils de l’homme a le pouvoir de pardonner les péchés sur la terre. » Alors Jésus dit au paralysé : « Lève-toi, prends ta natte et rentre chez toi ! » Aussitôt, l’homme se lève devant tout le monde. Il prend la natte sur laquelle il était couché et il rentre chez lui en disant : « Gloire à Dieu ! »
Lik 5:18-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Se kon sa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li. Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.” Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye kon sa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?” Men, Jezi te konnen ki lide ki t ap pase nan tèt yo, se sa k fè li di yo: “Pouki sa nou gen kalite panse sa yo nan tèt nou? Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!” Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa.
Lik 5:18-25 New International Version (NIV)
Some men came carrying a paralyzed man on a mat and tried to take him into the house to lay him before Jesus. When they could not find a way to do this because of the crowd, they went up on the roof and lowered him on his mat through the tiles into the middle of the crowd, right in front of Jesus. When Jesus saw their faith, he said, “Friend, your sins are forgiven.” The Pharisees and the teachers of the law began thinking to themselves, “Who is this fellow who speaks blasphemy? Who can forgive sins but God alone?” Jesus knew what they were thinking and asked, “Why are you thinking these things in your hearts? Which is easier: to say, ‘Your sins are forgiven,’ or to say, ‘Get up and walk’? But I want you to know that the Son of Man has authority on earth to forgive sins.” So he said to the paralyzed man, “I tell you, get up, take your mat and go home.” Immediately he stood up in front of them, took what he had been lying on and went home praising God.
Lik 5:18-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Voilà que survinrent des hommes qui portaient un paralysé sur un brancard. Ils cherchaient à le faire entrer dans la maison pour le déposer devant Jésus mais ils ne trouvèrent pas moyen de parvenir jusqu’à lui, à cause de la foule. Alors ils montèrent sur le toit, ménagèrent une ouverture dans les tuiles et firent descendre le paralysé sur le brancard en plein milieu de l’assistance, juste devant Jésus. Lorsqu’il vit la foi de ces gens, Jésus dit : Mon ami, tes péchés te sont pardonnés. Les spécialistes de la Loi et les pharisiens se mirent à raisonner et à dire : Qui est donc cet homme qui prononce des paroles blasphématoires ? Qui peut pardonner les péchés, si ce n’est Dieu seul ? Mais Jésus connaissait leurs raisonnements. Il leur dit : Pourquoi raisonnez-vous ainsi en vous-mêmes ? Qu’est-ce qui est le plus facile ? Dire : « Tes péchés te sont pardonnés », ou dire : « Lève-toi et marche » ? Eh bien, vous saurez que le Fils de l’homme a, sur la terre, le pouvoir de pardonner les péchés. Il déclara au paralysé : Je te l’ordonne : lève-toi, prends ton brancard, et rentre chez toi ! Aussitôt, devant tout le monde, l’homme se leva, prit le brancard sur lequel il était couché et s’en alla chez lui en rendant gloire à Dieu.